Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Kidnapin: Malgre ranson ki bay, fanmi notè Alex Demosthène toujou poko gen nouvel li

Kidnapin: Malgre ranson ki bay, fanmi notè Alex Demosthène toujou poko gen nouvel li

Kidnape depi vandredi 21 avril la nan Ri Kazèn nan komin Pòtopwens , notè Alex Démosthènes poko janm kapab  jwenn liberasyon li malgre ranson  fanmi an bay,  sa   gen 9 jou, selon sa yon pwòch notè a fè redaksyon an konnen.

Pwòch la eksplike pwoblèm ak kalamite madanm lan ap pase ki pa konn kisa pou l fè, kidnapè yo di l ke li gen lajan pandan se nan lwaye li ye ak timoun li yo .

Pwòch la kontinye pou l di madanm lan gen 16 jou depi yon san sou li ke l pa janm rete malgre medikaman li pran .

Fas ak tout sitiyasyon sa yo, se moun k ap bay timoun yo manje, yo pa ka ale lekòl, madanm li ak fanmi l pa gen nouvèl li  depi lendi 3 me a ki se dènye jou madanm li te pale ak li.

Fanmi an te getan bay ravisè yo 300 mil dola ayisyen ak 5 mil dola ameriken nan lide notè Alex Démosthènes ap jwenn liberasyon li , yon bagay ki poko janm fèt, malgre sa kidnapè yo toujou ap mande lòt  lajan ankò.

N ap raple w Etid Notaryal yo te kanpe travay vandredi 23 avril pase a, yon fason pou te mande liberasyon notè a.

Dekouvri plis:

Kazèk Wilkens Dicette jwenn liberasyon li kont “ranson” aprè move tretman li fin sibi

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Pòtoprens: Endividi ak zam rantre nan Premye Legliz Batis Ri La Reyinyon, yo tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl. Nèg...

Insécurité

Kidnapin: Atis Money G toujou nan men kidnapè yo malgre lajan fanmi an bay. Jean Junior Wacelus tout moun konnen sou non Money G...

Insécurité

Kidnapin: Endividi kidnape sitwayen Olivier Kernizan ki se yon ansyen sòlda ameriken. Nèg ak zam kidnape sitwayen Olivier Kernizan, yon ansyen sòlda ameriken, jou...

Insécurité

Endividi rantre kay Ludjane Jean Gilles epi ale avè l pandan l t ap fete anivèsè l an fanmi. Ludjane Jean Gilles se non...