Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Maradona bwè plis alkòl ke dlo, daprè deklarasyon yon ansyen fanm li

Diego Maradona bwè plis alkòl ke dlo, daprè deklarasyon yon ansyen fanm li

Ansyen jwè foutbòl Diego Maradona twouve l sou kabann lopital depi lendi pase a apre l te fin fete 30 oktòb la 60 tan li sou bout tè a.

Medsen ansyen jwè Naple la, Leopoldo Luque fè konnen Diego Maradona soufri de anemi ak dezidratasyon epi yon pwoblèm sikolojik paske kè l brize.

Ansyen fanm foutbolè a, Rocio Oliva te entèvni sou yon radyo nan peyi Ajantin pou l di ke ansyen chanpyon di mond lan soufri de depandans alkòl, yon fason pou voye sou ban touch deklarasyon doktè a.

Madanm lan di li pa gen anyen pou wè ak sa k ap pale yo sou sante Maradona pandan l ajoute pou l eksplike ke l pa janm gen kontak ak ansyen seleksyonè Ajantin lan depi lè yo kite a. Daprè li, pwoblèm Maradona ap konfwote la yo se twòp pwoblèm alkòl.

Madanm lan ale pi lwen pou l di Diego dezidrate paske l pa bwè dlo, li bwè plis alkòl. Pandan l ensiste pou l di pwoblèm jwè a se kesyon alkòl li pa lòt bagay.

Dekouvri plis :

Sa k yon lakou? Poukisa gason ki gen lwa gen estil fanm? Euvonie Georges Auguste pale sou vodou a

Plus de contenu