Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dosye Yvickel Dabresil: Batonyè Marie Suzie Legros deklare pa gen eta de dwa menm

Dosye Yvickel Dabresil: Batonyè Marie Suzie Legros deklare pa gen eta de dwa menm
Foto: Ody Bien-Eugène | Juno7

Batonyè lòd avoka yo, Marie Suzie Legros rann vizit jodi madi 9 fevriye 2021 an ak jij Yvickel Dabresil ki jwenn arestasyon dimanch pase a epi twouve l anndan DCPJ pou koze konplo “kont site Leta” gouvènman an plas la repwoche l.

Jij la ap dòmi sou chèz

Nan sikonstans sa, plizyè avoka ak Batonyè Marie Suzie Legros te twouve yo anndan DCPJ kote jij la twouve l la, Met Legros fè konnen objektif vizit sa se te pou ale founi je gade jan eta sante jij la ye epi nan ki kondisyon li twouve l nan enkaserasyon sa anndan DCPJ

“Nou te vin wè jij Dabresil pou n te konnen kijan eta fizik li ye paske nou konnen se yon moun  malad jij Dabresil ye. Pou nou wè nan ki kondisyon jij Dabresil te ye nan enkaserasyon an, lè nou mande li, li di nou se nan pyès kote l ye a se la ke l rete, se la ke li dòmi, kòm nou te ka wè l te g on foto ki t ap pase sou tout Watsap ke yo te montre jij la chita sou yon chèz pou li pase nuit li.

Sa vle di depi dimanch swa se la jij la dòmi sou chèz la epi petèt li apiye pye l sou yon lòt chèz pou l kapab omwen alèz”, eksplike batonyè a.

Met  lan fè konnen kèk majistra di yo jij la fè sik ak tansyon epi li te tou pwofite mande ak otorite yo pou yo fè plis konsiderasyon pou jij la pa gen bagay grav ki rive l

“Tankou jan majistra yo te di nou jij la fè sik, li fè tansyon. Se pou yo pran anpil konsiderasyon pou jij la pa g on bagay ki pi grav ki rive l kote l ye a”.

Batonyè a pa t an mezi di si jij la te sibi agresyon fizik pandan arestasyon l lan jan kèk nouvèl k ap sikile ta fè kwè. Madam Marie Suzie Legros di li pa t rive abòde sijè sa ak jij la paske konvèsasyon yo te plis chita sou kijan li santi l, kisa y ap fè pou defans lan ak si l gen avoka.

Pi lwen, Batonyè a estime ke dwa jij la vyole paske se yon wo fonksyonè, yon jij kou kasasyon, g on fason selon li sa te dwe fèt

“Wi. Se yon wo fonksyonè, se yon jij kou kasasyon, gen yon fason pou sa fèt. Nou ka di nan tout sa k ap fèt yo la pa gen anyen ki fèt sou kote legal, tout fason de fè ki te genyen yo tout kounya yo mete yo de kote”, li te kontinye pou l di: “Nou ka di tout bagay ki pou ta fèt legalman tout an veyez.”.

Batonyè Marie Suzie Legros te kontinye pou l kritike aksyon yo ke l di ki ilegal akoz pa gen “eta de dwa”

“Mwen menm mwen ka di tout sa k fèt la yo tout bagay an veyez kounye a, nou pa gen eta de dwa menm ankò. Kounya mwen p ap menm di l abitrè menm, abitrè fòk ou ta kòmanse pa g on dwa pou w ka di w f on abitrè ak yon ak de dwa, m pa ka di m gen dwa kounya. M pa gen dwa ankò. Kounya nou wè pa gen jidisyè, pa gen paleman, s on sèl pouvwa sou 3 pouvwa ki ret la pou tout bagay, grenn gouvènman an ap aji”.

Dekouvri plis:

Les FAd’H démentent avoir mené une quelconque opération au Champ de Mars

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Justice

Le juge Yvickel Dabrésil est  enfin libéré, après quatre jours de détention 24 heures après l’ordonnance de la doyenne du tribunal de première instance...

Justice

La justice ordonne la libération du  juge Yvickel Dabresil en détention depuis trois jours A la suite d’une ordonnance de la doyenne du tribunal...

Actualités

Des leaders du Secteur Démocratique exigent la libération du juge de la cour de cassation Yvickel Dabrésil Port-au-Prince , Haïti .- Les personnes arrêtées...

Actualités

Trois juges de la Cour de Cassation envoyés à la retraite par l’exécutif. Port-au-Prince , Haïti .- Le président de la République, Jovenel Moïse...