Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Matisan: yon chofè 55 lane ak yon pasaje mouri sou plas aprè afwontman bandi

Matisan: yon chofè 55 lane ak yon pasaje mouri sou plas aprè afwontman bandi

Yon chofè ak yon pasaje mouri sou plas epi plizyè blese nan Matisan aprè afwontman nèg ak zam.

Aprè afwontman nèg ak zam nan zòn Matisan, sa lakoz yon chofè ki rele Dyllus Olivier ki gen 55 lane epi yon pasaje mouri sou plas. Sitiyasyon sa pase yè jedi 5 out 2021 an , nan blòk Matisan 15 ak 17, vè 6 è 30 nan laprèmidi.

Chofè sa ki arive mouri a gen 5 pitit ak madanm li, li abite Bizoton 53, selon enfòmasyon nou arive jwenn. Bis li a te asire trajè Pòtoprens pou ale Kriswa, se pandan li travay lap retounen lakay li epi l arive viktim anba bal bandi .

Pandan afwontman sa gen plizyè blese, lapolis te mennen 2 moun pami blese yo lopital ki te grav anpil. Nan moman nou t ap ekri atik la kò chofè a ak pasaje a ke n pa rive konnen idantite l pa t ko leve, yo te toujou kote aksyon an pase a akoz jij depè ki pa vini sitou lè n konnen jan zòn lan ye ka lakoz jij depè gen krent pou vin fè konsta legal la epi bay lòd pou leve kadav yo.

N ap siyale tou wout Matisan kraze nèt akoz travay ki manke fèt sou wout sa. Anpil gwo twou, pil dlo, sa ki lakoz chofè toujou nan ralanti lè y ap pase nan blòk Matisan 23, 25, ki se blòk ki vin danje anpil pou moun kap frekante zòn sa . Sa ki konn lakoz lè gen afwontman bal mawon konn pran pasaje anndan machin.

Nou aprann tou, yon manman ak tout yon bebe mouri anba bal bandi yè aprè midi tou. Sa pase anndan Ti Bwa.

Depi plizyè tan, wout Matisan sanse parèt yon zòn entèdi kote se toujou afwontman bandi ak bandi, lapolis fas bandi. Anpil moun viktim prèske chak jou, zòn lan prèske tounen dezè. Jiskaprezan otorite konsène yo poko an mezi bay yon repons ki ka debouche sou yon solisyon dirab.

Matisan: yon chofè 55 lane ak yon pasaje mouri sou plas aprè afwontman bandi

Dekouvri plis:

Haïti: l’essentiel de l’actualité du vendredi 6 août 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu