Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Mè Boudon: Yon paran elèv mouri, yon elèv pran bal nan pye aprè atak nèg ak zam

MENFP/ Mè Boudon: Yon paran elèv mouri, yon elèv pran bal nan pye. Tout dènye detay
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Mè Boudon: Yon paran elèv mouri, yon elèv pran bal nan pye. Tout dènye detay sou sa k pase yo.

Charité de Saint-Louis tout moun konnen sou non Mè Boudon konnen jodia yon moman tansyon nan lakou li zòn 1è 40 nan laprèmidi kote endividi moun pa rive idantifye tire yon paran ki ale mouri sou kabann lopital Medsen San Fwontyè ki nan Avni Charles Summer. Pandan zak sa yon elèv pran bal nan pye, sekirite lekòl la pran bal tou li ap pran swen.

Si enfòmasyon yo yon premye tan te lèse anpil moun ap opine. Selon tout detay jounalis repòtè Juno7 arive pran sou plas fè konnen paran sa gen yon pitit li nan lekòl la ak youn Kolèj Marie-Anne. Li te pase pran sa nan Marie-Anne lan epi ap monte Boudon pou ale dèyè lòt la, rive nan espas lekòl la li kouri rantre paske li sispèk yo t ap swiv li. Nan lakou a gen2 endividi moun pa rive idantifye ki te getan ap tann li epi bal plizyè katouch. Nan moman sekirite yo t ap eseye riposte gen youn ki pran katouch k ap pran swen lopital epi yon elèv ki te chita ap tann paran l touche nan pye tou, selon eksplikasyon yon pwofesè espas la ki pa t deside revele non l.

Paran sa byen avan li ale mouri sou kabann lopital di yon pwofesè sere timoun yo pou li paske li konnen l ap mouri kanmèm. Li ale rann souf li nan lopital Medsen San Fwontyè ki nan Avni Charles Summer.

Apre aksyon sa, repòtè Juno7 te konstate prezans ajan DCPJ ki te rive sou plas pou fè konsta. Nou pa an mezi di si se kidnapin oubyen regleman kont. Se otorite lapolis ak jidisyè ki ka revele sa aprè tout ankèt.

Toutfwa jan enfo te lèse kwè anpil timoun pran bal , plizyè moun mouri se pa vre.

Mè Boudon: Yon paran elèv mouri, yon elèv pran bal nan pye. Tout dènye detay

Photo: Ody Bien-Eugène : Juno7

Dekouvri plis:

Nofraj yon bato nan Marigo: 30 moun sove, 12 moun mouri selon bilan pwovizwa yo

 

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

La ministre de l’Education nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a effectué une visite de solidarité au Collège St Louis de Bourdon La...

Éducation

Le Ministère de l’Education nationale et de la Formation professionnelle condamne l’attaque perpétrée contre le Collège St Louis de Bourdon Le ministère de l’Education...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon elèv NS1 nan lekòl Mè Boudon tante tiye tèt li paske li pa pase, swivi sikolojik gen pou fèt pou li Yon elèv...

Actualités

Un accident survenu à Bourdon ce jeudi a fait huit blessés dont deux très graves selon les détails communiqués à la rédaction de Juno7...