Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Men kèk metòd yon gason ka itlize pou l pa voye rapid

Men kèk metòd yon gason ka itlize pou l pa voye rapid

Sit Santé Magazine bay kèk metòd yon gason kapab itilize pou l pa voye rapid nan rapò seksyèl.

Koze voye rapid pandan rapò seksyèl se yon bagay ki konn lage ti bougonnen nan yon relasyon. Dèfwa fi an konn pa di nèg la anyen men anndan li ap manje l lè li wè patenè li an aprè 5 ou 10 minit getan vini. Fenomèn sa, nou souvan rele l pa bò lakay nou “bonjou pwèl”. Sit Santé Magazine, atravè yon atik, pwopoze kèk solisyon ak modèl gason sa yo ki pa ka bay randman.

Daprè atik sa, gason atenn ògasm li pi rapid ke fi. Bò kote kominote maskilen an oubyen jenès maskilen an, li bezwen anviwon 3 a 5 minit pou atenn ògasm, se rezon tou anpil gason konn voye byen rapid. Bò kote pa fi yo, yo bezwen 13 minit jiska 1 èd tan. Nou ta kapab di ou wè ka yon gason aprè 5 minit li atenn ògasm li epi l getan voye pandan fi an poko menm jwi menm.

Se rezon sa Santé Magazine konseye kèk teknik pou nèg yo retade ejakilasyon an malgre nou konnen gen gason ki pa neglije ti pwa yo, Léo Messi yo, vyagra yo pou kapab dire sou vant fanm epi fè djòlè yo te byen pase, yo fè fanm yo jwi.

Santé Magazine fè konnen lè peni an anndan vajen fi an, gen yon Mouvman ale vini k ap fèt ki ogmante plezi a. Eksitasyon yo vin ogmante. Sit la fè konnen, nan moman sa, gason an dwe konnen pou l kanpe tout mouvman, retire mwatye nan peni an anndan fi an, kwontrakte misk yo, dèyè w ak anis ou tankou ou t ap kenbe pipi.

Gen lòt metòd tou tankou defokalize panse w sou sa w ap fè a epi panse ak yon lòt bagay. Sa ap pèmèt gason an redui eksitasyon serebral li.

Malgre metòd sa yo, gen nèg ki kapab di pi bon metòd pou yo se pran ti sibtans ki ka pèmèt yo jere rapò seksyèl yo. Medam yo kapab di tou, tout mwayen bon depi yo kapab jwi seksyèlman.

Men kèk metòd yon gason ka itlize pou l pa voye rapid

Dekouvri plis:

« La Justice Administrative et la Reddition de Comptes dans l’histoire d’Haïti » au centre de la 10e édition du Salon du Droit

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu