Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Mèt André Michel anonse peyi a pral lòk “totalman” nan jou yo la

Élections en 2021:Jovenel Moïse a menti à l'internationale, selon André Michel
Photo : Ody Bien-Eugène

Yè nan kad dezyèm jounen seri mobilizasyon sektè opozisyon an lanse anndan tout peyi a, mèt André Michel ki t ap pale nan mikwo plizyè jounalis konseye popilasyon an pou met manje lakay li paske peyi a pral fèmen nan jou k ap vini la yo.

Avoka opozan pouvwa an plas la ensiste sou peyi a y ap pare pou lòk nan jou yo la pandan l envite ak konseye popilasyon an mete manje lakay yo

“Tout moun k ap tande m la kèlkeswa kote w ye, m konnen afè nou pa bon se vre, men achte ti gòdèt sèl nou mete lakay nou, achte ti gòdèt mayi moulen nou mete lakay nou, nou ba nou tan sa”, avèti pòt pawòl sektè demokratik ak popilè a.

Mèt André Michel te kontinye pou l di: “Achte ti dlo mete lakay nou, li mèt kredi. Achte ti chabon mete lakay nou, achte epis mete lakay nou, paske nan jou k ap vini la yo peyi a pral fèmen totalman, la république sera fermée”, ensiste ansyen kandida pou sena a.

San bay jou ak dat lòk total la gen pou vini, André Michel anonse peyi a ap gen pou bare, tout vil ap gen pou leve kanpe pou fè respekte konstitisyon an

“Toutes les villes seront debout comme une seule femme, comme un seul homme pour exiger le respect de la constitution. Peyi a ap bare, les routes seront bloquées pour exiger le respect de la constitution. Nan batay pou nou jwenn respè konstitisyon an n ap angaje nou ak tout fòs avèk tout kouraj nou”, deklare mèt André Michel.

Dekouvri plis :

Yon espesyalis ap bay dizon li sou koze gason ki di yo konn fè fanm “pete” nan rapò seksyèl

Plus de contenu

Actualités

Un “lock-down” se dessine dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince. Une nouvelle version de “pays lock” se dessine ce jeudi matin dans plusieurs zones...

Aktyalite AN KREYÒL

Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne Pierre Paul. Antèman jounalis Lilianne Pierre...

Aktyalite AN KREYÒL

Mèt André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, li pral ak dosye a DCPJ pou konn sa k pase. Lendi maten 19...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...