Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Michel Martelly parenn pwomosyon PHARUS anndan lise Alexandre Pétion

Michel Martelly parenn pwomosyon PHARUS anndan lise Alexandre Pétion

Samdi 7 novanm 2020 an, elèv pwomosyon PHARUS 2019-2020, anndan lise Alexandre Pétion gradye nan otèl Royal OASIS, kote yo te gen kòm parenn ansyen prezidan Michel Martelly.

Apre yon ane akademik difisil ki te konnen koze peyi lòk, maladi kowona, grèv pwofesè, ensekirite, elèv lise Alexandre Pétion yo apre yo apèn sot nan egzamen leta klotire ane difisil la nan bote avèk yon gradiyasyon ki pote mak fabrik komite pwomosyon lekòl sa ki gen 2 plak tounant ladan l ki se Epaphras Gibbs, anbasadè pwomosyon an, Guertin Charles, prezidan komite santral la.

Pou parenn gradiyasyon sa, yo te chwazi de konsè ak rès elèv yo, Michel Martelly kòm parenn pwomosyon sa ki gen anviwon 350 elèv. Nan diskou sikonstans lan, ansyen prezidan peyi a te pale de pwomosyon an ke l di li pare pou l ede nan pwojè ke komite pwomosyon an te swete reyalize, sitou nan sa ki gen pou wè ak kesyon vantile tout sal lekòl yo.

Pi lwen, li te mansyone souvan koze edikasyon pou l fè konnen poko gen moun tankou li k ap fè politik ki kwè konsa nan edikasyon timoun, jèn yo. Pandan l ajoute pou l di l ap toujou ede, l ap toujou fè pwomosyon pou sa k gen pou wè ak konesans paske li estime peyi a gen pwoblèm moun.

Chwa Michel Martelly kòm parenn gen moun anba kèk kòmantè sou rezo a ki kritike l. Nan ti pale ak anbasadè Lise Alexandre Pétion an, Epaphras Gibbs, sou chwa sa, li fè nou konnen son jès gratitid paske se Michel Martelly ki te (re)konstwi lise a pou yo pandan l raple son pwojè ki te la depi sou administrasyon Jean Bertrand Aristide.

Gradiyasyon sa te gen anviwon 300 elèv. Nan diskou sikonstans prezidan komite santral lise a, Guertin Charles voye felisitasyon bay tout kanmarad li yo pou efò ak sakrifis yo fè pandan 7 ane  konba kote lise Pétion toujou ekspoze ak mouvman bandi ki toujou ap tire anba lavil la ki anpeche lekòl sa byen fonksyone. Mesye Charles pwofite raple ak kanmarad yo ke chimen siksè a long yo dwe kenbe menm enèji a ak motivasyon pou reyalize rèv yo.

Toujou nan ti pale nan telefòn ak anbasadè a, Epaphras Gibbs fè konnen ke pwomosyon an ap tann yon 100% reyisit paske yo te di tèt yo ane a fòk yo reyisi a 100%. Li te konkli pou l voye yon mesaj bay jèn parèy li yo pou l di

“Si yon jèn rete a 20 tan oubyen a 35 kan li pa janm ale aprann anyen, li chita la nan lòt ti bagay ki pa itil anyen, m ba w garanti lè w kòmanse nan trantèn w ap grennen pitit bay moun, ou pa ka jere yo, eben se nòmal w ap toujou wè peyi a pa ofri w anyen. Men, si a laj sa ou chache aprann epi mete kò w nan lari a, m ba w garanti ou p ap chita nan lari a, ou p ap rete atè a”.

Pwomosyon PHARUS boukle ane akademik lan avèk Joseph Michel Martelly kòm parenn kote yo konte sou li pou ede yo, konseye yo, akonpaye yo. Se rezon depi nan gradiyasyon an nou te ka remake anpil souri sou bouch elèv yo ki t ap chante ansanm ak parenn yo. Redaksyon Juno7 la swete yo siksè nan egzamen an epi bon konba nan lekòl lavi a.

Dekouvri plis:

Pèlen de tèt, le poète Zoupenzoup met à nu le système

Plus de contenu

Éphéméride

« Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir », disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 20 mars 2023. 20 mars...

Politique

Les Etats-Unis soutiennent les sanctions du Canada contre Michel Martelly, Laurent Lamothe, Jean Henry Céant, Gary Bodeau, Rony Celestin et Hervé Fourcand. Trois jours...

Insécurité

Préoccupé par le climat d’insécurité en Haïti, Michel Martelly appelle les acteurs politiques au dialogue et au dépassement de soi pour le bien-être collectif...

Culture

République Dominicaine: Michel Martelly était à l’affiche ce week-end Pendant le week-end écoulé le chanteur Michel Joseph Martelly dit “Sweet Micky” a parcouru différentes...