Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Atis Mikaben fè fanatik yo ap “jwi” avèk nouvo mizik “Fè lapli” a

Atis Mikaben fè fanatik yo ap "jwi" avèk nouvo mizik "Fè lapli" a

Fè lapli se nouvo mizik atis Mikaben ki koumanse fè moun ap jwi.

“Fè lapli”, se tit nouvo mizik ak tout videyo atis Mikaben met deyò depi 4 jou kote atis Kenny featuring sou nouvo pwojè a. Atis la te pale ak redaksyon Juno7 la sou nouvo pwojè sa.

Pou koumanse, Mika te eksplike kote tit mizik la soti. Selon chantè a, li fè konnen atis yo toujou ap chache fason imaje pou dekri de seri bagay pou mete an metafò. Fè lapli a selon Mikaben vle di “vini” oswa “jwi”, ki ta pratikman lye ak koze relasyon seksyèl.

Mizik sa Mikaben ekri l nan mwa mas 2020 pandan Kovid-19 te ap fè ravaj nan mond lan ak premye vag la. Pwojè sa se Mikaben ki pwodui li, men li fè konnen Richard Cavé jwe liy bass la epi ajoute “Ti salad” nan son yo epi eksplike pou l di se pwodiktè ayisyen yo k ap konprann sa sa vle di ti salad la.

Lòt moun ki prete tan yo sou pwojè sa se JP ki se gitaris gwoup Kaï epi Jeff ki se batè gwoup Harmonik. Epi li te envite Kenny pou l chante premye kouplè a.

Mizik sa gen 4 jou depi l soti. Sou paj YouTube atis la li gen 119 K vyou pandan n t ap ekri atik la. Pou konsène a li estime mizik la ap byen mache epi deklare mizik la rive sou moun yo rapid. Pandan l ajoute pou l di: “Mwen santi s on gwo gòl mwen lage la a”.

Anpil moun te getan ap kesyone oubyen di kareman album Mikaben dèyè apre mizik sa. Pou kalme tout pawòl sa yo, atis la deklare li poko ap panse ak koze sa pou moman an. Toutfwa, li rete kwè l ap kontinye soti mizik tanzantan pou kenbe piblik la, selon sa l eksplike.

Mikaben te tou pwofite nan kad antrevi sa pou envite moun yo ale dekouvri album li an ki te soti an 2018. Chantè polivalan an estime gen anpil moun ki pa menm konnen si l te soti album sa.

Mikaben rete kwè kòm atant mizik sa pral fè anpil moun reviv oubyen redekouvri kiyès li ye epi pèmèt li konekte ak yon odyans jèn li estime ki te swaf pou l ba yo yon pwodui konsa.

Mikaben ki abitye fè anpil mizik nwèl te fini antrevi sa pou di fantatik yo ane sa se pou yo, yo mèt ouvè kò yo epi pwofite alète yo gen bagay dèyè toujou.

Fè lapli vin nan yon bon moman kote chalè a wo, aktivite seksyèl yo plis ap ogmante, Mikaben voye moun yo al jwi epi fè l vini avan.

Atis Mikaben fè fanatik yo ap "jwi" avèk nouvo mizik "Fè lapli" a

Dekouvri plis:

9 août 1904: traité d’extradition signé entre Haiti et les Etats-Unis

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Musique

Jason Derulo rend hommage à Mikaben sur son album « Nu King » à travers la chanson « Ayo girl ».   L’artiste américain...

Culture

L’artiste américain d’origine haïtienne Jason Derulo annonce sur son prochain album une collaboration posthume avec Michael Benjamin. L’artiste américain d’origine haïtienne, Jason Derulo a...

Culture

Un mois de célébrations de la vie de Michael Benjamin Mikaben. La famille Benjamin, dans une note publiée sur les pages réseaux sociaux de...

Actualités

Le touchant message de l’artiste Ti Joe Zenny à son ami Mikaben décédé l’année dernière. Ti Joe Zenny a écrit ce lundi 15 mai...