Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Milan vs Inter: 10 bagay ou dwe konnen sou istwa “Derby” sa

Milan vs Inter: 10 bagay ou dwe konnen sou istwa "Derby" sa

Yè samdi 10 oktòb la, nan yon match ki te opoze Milan vs Inter nan kad katriyèm jounen chanpyona Itali a, ekip Milan an bat Inter 2-1

Yon match a yon sèten epòk ki te gen yon filing bò kote fanatik Milan ak Inter pa bò isit. Filing sa ta pral bese depi lè 2 ekip sa yo vin pa kanpe sou anyen epi Derby sa vin pa sisite plezi pou pouse moun ale gade l. Men, depi apre bòn fòm ekip Milan an epi retou Inter nan premye plan nan chanpyona lakay li, atant yo te anpil yè bò kote fanatik foutbòl ki te pran plezi gade 225è Derby a. Kisa w dwe konnen sou istwa Derby sa?

1-  Poukisa yo rele match sa “Derby Della Madonnina?

Gon sen nan vil Milan an ki fèt an lò ki twouve l sou tèt katredal vil sa epi ki domine vil la. Sen sa pote non Madonnina, li reprezante Vyèj Mari. Son sen abitan yo apresye anpil epi priye ki fè Derby a tou pote non sa.

2- Premye Derby ( Milan vs Inter) a pa t fèt nan San Siro a

Premye match ant 2 ekip yo pa t fèt nan San Siro a. Match sa te fèt nan ane 1908 nan okazyon koup “Chiasso”, Milan te bat 2-1.

3-Pou 225 match, Inter bat plis

Yè fè 225è match, Inter bat Milan 81 fwa, Milan bat li 77 fwa, yo fè 67 match nil.

4-Vil Milan pran 10 LDC

Milan se sèl vil an Ewòp ki gen 2 ekip ki pran Lig Dè Chanpyon. Milan gen 7 tit, Inter gen 3.

5-Andriy Shevchenko se jwè ki make plis gòl nan Derby a

Ikrenyen an, Andriy Shevchenko ansyen atakan Milan se jwè ki jwenn wout filè a plis fwa nan koze Derby 2 ekip vil Milan yo. Kote nouvo antrenè peyi Ikrèn lan make 14 gòl.

6-Walter Samuel gon bèl rekò nan Derby sa

Ajanten an, Walter Samuel ki te pote koulè ekip Inter a, se sèl jwè ki gen 10 viktwa youn kole ak lòt nan istwa Derby sa.

7-Istwa Derby ( Milan vs Inter)sa te bay yon dyèl fanmi “Baresi”

Nan ane 80 yo, Derby ant Inter ak Milan te tou mete fas a fas 2 frè tou. Se Franco Baresi ki te pase anviwon 20 tan nan klèb Milan an epi Giuseppe Baresi ki te jwe yon bon ti tan pou Inter.

8- Paolo Maldini se foutbolè ki jwe plis Derby (Milan vs Inter)

Paolo Maldini, ansyen defansè ekip Milan an, se moun ki parèt plis fwa nan Derby sa. Kote li jwe 56 Derby.

9- 11 me 2001, dat istorik

Dat sa ret grave nan istwa ekip Milan an, kote yo kraze Inter 6-0. Epòk sa se Tassoti  ki te antrenè yo.

10- Ki ekip ki pi popilè?

Milan pi popilè ke ekip Inter a, chif yo bay li gen anviwon 100 milyon fanatik atravè mond lan. Menm an Ayiti nou ka remake wouj e nwa yo pi popilè ke Inter.

N ap raple w ke Milan premye pou kò l ak 12 pwen sou 12 nan chanpyona a.

sous konbine

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Lanmò Grégory Saint-Hilaire: Etidyan inivèsite Aix-Marseille yo kontinye ap mande jistis

Plus de contenu

Actualités

Dossier Rivière Massacre: Mike Maignan, le portier français du Milan AC, envoie un message d’amour au peuple haïtien. À un moment où le conflit...

Sports

Tirage au sort Ligue des champions: Milan AC, PSG, Dortmund et Newcastle dans le groupe de la mort. Le tirage au sort de la...

Sports

Le Real Madrid et le Milan AC qualifiés pour les demi-finales de la Ligue des champions. Le Real Madrid et le Milan AC ont...

Sports

Le Milan AC toujours en panne de victoire après sa défaite face à la Lazio de Rome (4-0). En six matchs joués pour l’année...