Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Ministè Kominikasyon anonse yon konvwa ki gen plis ke 10 kamyon pran direksyon Gran Sid la

Ministè Kominikasyon anonse yon konvwa ki gen plis ke 10 kamyon pran direksyon Gran Sid la

Ministè Kominikasyon anonse yon konvwa ki gen plis ke 10 kamyon pran direksyon Gran Sid la jodi mèkredi a.

Ministè Kominikasyon anonse sou paj Facebook li gen yon konvwa ki gen plis ke 10 kamyon ki kite kapital la maten mèkredi 18 out la pou ale nan Gran Sid peyi a.

Misyon an se pote èd bay viktim tranbleman tè yo ak tanpèt twopikal Grâce ki te vin mete plis pwoblèm nan mitan fanmi sa yo ki sanse pèdi anpil bagay.

Yon fwa konvwa sa rive, Ministè Kominikasyon fè konnen se Pwoteksyon Sivil ak yon ansanm òganizasyon entènasyonal k ap jere distribisyon sa.

Depi lendi an anpil moun mete tèt ansanm pou pote asistans yo jan yo kapab ak moun Gran Sid. San nou p ap bliye kèk peyi etranje tankou Etazini, Chili, Repiblik Dominikèn ki sou plas depi kèk jou k ap asiste moun yo, ede chache moun anba dekonb, bay swen ak viktim yo.

Nan Pòtoprens, asosiyasyon, patikilye, gwoup etidyan, moun legliz kontinye ap prepare kit, rasanble sa yo genyen pou vini an èd ak moun yo.

Anpil atis ak pèsonalite tankou T-Jo, Tony Mix, Darline Desca, Sarodj Bertin, Carel Pèdre, Izolan, Jean Jean Roosevelt elatriye sou 2 pye militè yo ap miltipliye kontak, rasanble sa yo genyen pou ede konpatriyòt ayisyen yo ki nan difikilte.

Se prèske menm bagay la bò kote djaspora ki met tèt ansanm pou voye transfè, voye manje, pou ede viktim yo.

Dènye bilan pwovizwa otorite yo fè konnen gen anviwon 2000 moun ki mouri apre pasaj tranbleman an. Jiskounya rechèch yo ap kontinye pou chache sivivan.

Ministè Kominikasyon anonse yon konvwa ki gen plis ke 10 kamyon pran direksyon Gran Sid la

Dekouvri plis:

La Fondation Barbancourt présente une projection unique de FREDA en faveur des victimes du séisme

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

60ème anniversaire de l’orchestre Tropicana d’Haïti : le Ministère de la Culture et de la Communication (MCC) rend hommage à “la fusée d’or internationale”....

Nécrologie

Le ministère de la culture et de la communication salue la mémoire de Gérard Chenet, l’écrivain-poète haïtiano-sénégalais décédé au Sénégal. L’écrivain-poète, dramaturge et sculpteur...

Sports

Les médias n’ont pas le droit de retransmettre le mondial sur les réseaux sociaux, annonce le gouvernement haïtien. Dans une note de presse du...

Nécrologie

Le ministère de la culture et de la communication salue la mémoire du peintre Hervé Télémaque décédé le 10 novembre 2022. Le peintre français...