Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Mizik: “Kite l vin wè m” dekri difikilte 2 moun ki renmen genyen pou rankontre akoz pwoblèm peyi a

Mizik:”Kite l vin wè m” dekri difikilte 2 moun ki renmen genyen pou rankontre akoz pwoblèm peyi a.

“Kite l vin wè m”, se tit yon mizik jèn atis Raphie chante avèk kolaborasyon yon lòt jèn parèy li ki rele Authentique STM kote y ap dekri anndan mizik sa reyalite 2 moun ki renmen men youn nan yo ap viv lòtbò, yo pa gen posiblite rankontre akoz pwoblèm peyi a, ki vin fè sa k lòtbò dlo a pa ka rantre vin wè mennaj li pa bò isit.

Mizik sa ki se enspirasyon Authentique STM daprè sa Raphie fè konnen, mete aksan sou pwoblèm peyi a kote kidnapin, twoub politik, toujou lage peyi a nan katchaboumbe oblije mete relasyon 2 moun yo nan pwoblèm. Mennaj k ap viv nan peyi etranje a ki te getan achte tikè pou vin wè mennaj li bò isit oblije chanje lide paske l pè pou yo pa kidnape l, pou l pa pran vye bal mawon oubyen pou peyi pa lòk sou li.

Anndan menm mizik sa ki ap dekri soufrans 2 moun ki renmen ki pa ka rankontre fasil akoz pwoblèm peyi, Raphie ak tout Authentique STM pwofite panche sou ka anpil ayisyen ki oblije ale fè vakans kay vwazen. Yo estime sitiyasyon sa gen enpak negatif sou ekonomi peyi a akoz lajan djaspora a depanse lòt kote pandan l te anvi trip nan peyi l ak fanmi l, mennaj li oubyen zanmi l.

Mizik sa moun ki travay sou li epi rann li posib se Raphie, Authentique STM ak Rezo Ofisyèl selon sa Raphie di nou nan ti pale Juno7 te fè ak li. Li te pwofite remèsye tout etidyan Inivèsite Pòtoprens, tout lòt moun ki ede mizik la fè chimen li an patikilye rapè Doc Fila epi Wanito ki te pataje mizik la sou paj yo ki pèmèt plis moun konn istwa k ap degaje nan nouvo mòso sa.

Raphie fè konnen mizik sa se premye pwojè li. Jan dikton fransè a di: “l’appétit vient en mangeant”, Raphie deside lage nèt, touswit apre mizik sa, li ap pare pou lage pou koumansman 2022 a yon dezyèm pwojè k ap rele “Pa chanje”, yon mòso k ap baze sou lanmou senpman, selon sa l revele nou. “Nou gen plizyè lòt pwojè k ap vini men sa ki ap vini aprè Kite l vin wè m se pa chanje, yon tèks ki baze esansyèlman sou lanmou epi ki ta dwe soti nan koumansman lane 2022”.

Raphie se yon jèn demwazèl ki fè konnen li timid anpil. Bon non l se Anne Raphaëlle Michel. Li rantre Pòtoprens a 18 lane aprè etid klasik li nan vil Jeremi kote l grandi. Pou kounya, li se etidyan Inivèsite Pòtoprens.

Dekouvri plis :

Inauguration d’un centre médical à Damien par la Fondation Barbancourt

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu