Connect with us

Hi, what are you looking for?

Économie

Moïse Jean Charles ap fè pwomosyon pwojè “BitGoud” la nan peyi Venezyela

Moïse Jean Charles ap fè pwomosyon pwojè "BitGoud" la nan peyi Venezyela

Moïse Jean Charles ap kontinye fè pwomosyon pwojè monè” BitGout” la nan peyi Venezyela kote li  tap patisipe nan yon aktivite ak kèk lòt reprezantan nan rejyon an.

Lidè Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles te vwayaje pou rann li nan peyi Venezyela, vil Karakas, lendi 21 jen pase a, pou te ka ale patisipe nan yon kongrè sou 200 lanne batay Carabobo. Ansyen senatè Nò a te pwofite rankontre kèk lidè nan amerik latin lan pou pale yo de pwojè lajan elektwonik li an ki rele Bitgoud.

Nan yon videyo li fè pandan l dèyè a ki ap sikile sou rezo a, Moïse Jean Charles deklare li kontan apre reyinyon li sot fè pou Bitgoud la epi fè konnen moun ki te patisipe nan reyinyon sou Bitgoud la apre inisyativ lan.

Ansyen kandida pou pòs prezidan pa bò isit kwè ke lemonn andose lide Bit Goud la sitou moun ki soti nan peyi goch yo.

Moïse Jean Charles anndan menm videyo sa ak yon vizaj konfyan fè konnen menm sèvis lòt monè elektwonik yo bay la se li pwojè BitGoud la ap gen pou bay, yon fason pou rasire popilasyon ke l estime mizè l pral soulaje ak pwojè sa.

Ansyen majistra komin Milo a mande pèp ayisyen pou prepare l paske jan li te pwomèt li an, nan yon mwa edmi ankò li ap pare pou soti lajan elektwonik sa.

Moïse Jean Charles ap fè pwomosyon pwojè "BitGoud" la nan peyi Venezyela

 

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce vendredi 25 Juin 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Conseil présidentiel de transition : le surprenant revirement du leader de Pitit Desalin, Moïse Jean Charles.   Très acide en ce qui concerne la...

Politique

Le Premier Ministre serait sur le point de démissionner, Moise Jean Charle propose la création d’un Conseil Présidentiel Le Premier Ministre va t-il annoncer...

Actualités

Lidè Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles, mande tout moun nan 4 kwen peyi a pou chavire Ayiti tèt anba. Lidè pitit Desalin lan,...

Actualités

L’ancien Sénateur Moïse Jean-Charles prône la violence révolutionnaire pour renverser le gouvernement en place dirigé par le docteur Ariel Henry. Ce lundi 29 janvier...