Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Malgre retisans anpil moun, MSPP lanse kanpay vaksinasyon kont kowonaviris

MSPP - La Banque mondiale évalue l'état de préparation de 128 pays à recevoir en toute sécurité les vaccins COVID-19

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon sou paj Facebook li anndan yon videyo ki dire yon minit, envite popilasyon an kòmanse prepare l pou pran vaksen kont kowonaviris.

Videyo sa ki sou paj MSPP a se yon fason nan tèt responsab sanitè yo pou sansibilize chak grenn moun. Anndan espòt sansibilizasyon sa, MSPP fè konnen peyi a gen opòtinite jwenn vaksen ki se mwayen ki pi efikas pou pwoteje tèt ou, si n ap site sa k di anndan videyo sa.

MSPP vle montre tou se gras ak vaksinasyon anpil peyi ki t ap pran gwo sekous anba pandemi a kòmanse sòti tèt yo, yon fason pou l montre enpòtans vaksen an epi vini ak yon eslogan: Mwen vaksinen! Ou vaksinen! Epi nou tout pwoteje!

MSPP pa bay dat kanpay vaksinasyon an ap demare, toutfwa li endike tout moun ki bezwen ap kapab vaksinen epi priyorize moun ki gen plis ke 50 lane, moun ki fè sik, tansyon, ki gen pwoblèm respirasyon elatriye ak pwofesyonèl sante yo. Se kategori sa k ap gen priyorite nan premye dòz la si n kwè sa k ap di nan espòt sa.

Fòk nou siyale w ke MSPP anndan espòt sa pa di non vaksen k ap disponib yo. Jiskaprezan anpil moun pa bò isit pa vle tande pale de koze vaksen, anpil lòt moun tou pa kwè gen kowonaviris malgre chif MSPP yo. Sa ki ta lèse moun ap mande tèt yo kijan otorite yo pral konvenk popilasyon an pou pran vaksen kont kowonaviris. Sa pa anpeche gen plizyè moun nan sektè prive a ak nan klas mwayèn lan ki vwayaje ale pran vaksen an Miami.

MSPP - La Banque mondiale évalue l'état de préparation de 128 pays à recevoir en toute sécurité les vaccins COVID-19

Dekouvri plis:

4 moun mouri anndan yon kay nan Payan: lajistis di se “mò vyolan”, popilasyon an di kay la “ante”

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pote kèk konsèy pou popilasyon an pandan pasaj eklips solèy la sou peyi a. Eklips solèy toal k...

Actualités

Un protocole d’accord est signé entre le MSPP et Zanmi Lasante. Selon une note du Ministère de la Santé publique et de la population...

Santé

Le MSPP alerte sur un médicament contrefait en circulation dans le pays   Une alerte sanitaire du Ministère de la Santé Publique et de...

Actualités

Le groupe Konbit San Pou San (KSPS) a organisé un sit-in devant le MSPP pour exiger que les autorités mettent en place un bon...