Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Nadia Faubert fè prezantasyon nouvo mizik li a ki rele “M ale”

Nadia Faubert fè prezantasyon nouvo mizik li a ki rele "M ale"

Ziggyzag Production ak Handzup Group nan yon konferans pou laprès, vandredi 4 desanm 2020 an, anndan otèl El Rancho, prezante devan yon ventèn jounalis, nouvo videyoklip Nadia Faubert a ki pote non “M ale”.

M ale se yon mizik ki dire 4 minit kote anndan mizik sa, istwa k ap dewoule a se Nadia Faubert ki s on polisyè, mari l ap twonpe l ak yon lòt polisyè, poutan se menm zanmi polisyè sa ki te mete Nadia Faubert okouran ke mari l ap twonpe l ak yon lòt fanm. Nadia Faubert ta pral kenbe zanmi polisyè a ak mari l jis nan fen videyo a. Tout pandan videyo mizik la, malgre Nadia Faubert te okouran mari l ap twonpe l, li pa t vle fè okenn move aksyon swa pou al nan goumen, joure oubyen ta rive tiye, jan sa konn rive anpil fwa nan relasyon kote moun ap twonpe moun.

Nan ti pale l ak journalis yo pandan konferans lan, Nadia fè konnen leson li vle moun tire nan mizik sa se pa rete nan relasyon ki parèt konplike pou ou. Depi w pa kapab se ale, w ap jwenn yon moun kanmèm. Pandan l ajoute pou l di yon moun pa oblije al nan chache fè menm jan ak patenè l k ap twonpe l la pou l di li pral twonpe l tou. Se nan objektif sa Nadia Faubert vin ak mizik sa epi degaje istwa sa ladan l, selon eksplikasyon li t ap bay.

“M ale” ekri pa Leroy Beat ki te konn ekri pou Djakout #1 nan yon moman, ki ekri pou Ekip pou kounya. Beat la se Haspen Money Beat ki koud li epi videyo a reyalize pa Dominique Télémaque. M ale se yon mizik konpa, men sa pa vle di pou otan atis Nadia Faubert pral konsakre l nan fè mizik konpa daprè sa l di. Chantèz la pa wè tèt li ak yon kategori mizik, li wè l pito kòm yon moun ki ka chante nan tout rejis pou satisfè piblik la.

Nadia Faubert pa bay twòp detay sou dat soti albòm li apre nouvo pwojè sa men l fè konnen li gen plizyè mizik nan kizin lan ak anviwon 2 kay Haspen Money pandan l di albòm lan ap gen Baky ak plizyè lòt gwo atis li pa t vle bay non yo ke l di kite kòm sipriz.

N ap raple w Avril 2019, li te fè mizik “Ensipòtab” ke l te chante ak BIC, 6 mwa apre li te soti yon lòt mizik ki titre “cheri vini m pale w”, gen “Marye avè m” ki te soti 22 jiyè 2020. Li ta pral epate moun nan yon konsè ki te reyisi ke l te fè 20 out ane sa kote l te entèprete mizik “À coeur ouvert” Arly Larivière ki te make anpil moun.

Avèk M ale, Nadia Faubert santi l pare pou l kòmanse depoze pou l ka make pasaj li nan sektè mizikal ayisyen an, li menm ki te deja prete vwa l nan plizyè piblisite pou plizyè antrepriz tankou Sodipal, Lesly Center, Rebo. Li te koris tou pou K-Dans ak Djakout Mizik. Jodia li deside pran yon lòt etap ak karyè mizikal li.

Dekouvri plis:

Ayiti : Rezime aktyalite yo soti 30 novanm pou rive 4 desanm 2020

Plus de contenu