Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Nan Eta Florid yon fiziyad lakoz 3 moun mouri

Nan Eta Florid yon fiziyad lakoz 3 moun mouri

Yon fiziyad nan Royal Palm Beach Publix, Eta Florid, lakoz 3 moun mouri. Aksyon sa pase jodi jedi 10 jwen 2021 an vè midi yo.

Yon gason, yon fanm ak yon timoun, se 3 moun ki  mouri yo. Moun ki tire a anrejistre pami 3 moun ki mouri yo selon responsab biwo cherif konte Palm Beach yo ki po ko an mezi idantifye kiyès ki te tirè a, selon sa anpil  jounal rapòte.

Yon reprezantan divizyon krim vyolan deklare nan Fox10 News ke detektif yo ap mennen ankèt pou konnen kisa ki kondwi a fiziyad sa. Nan moman atik la t ap ekri a poko gen enfòmasyon sou idantite viktim yo ni si yo te gen lyen parante.

Royal Palm Beach twouve ak yon distans  80 kilomèt Fort Lauderdale epi 48 kilomèt Boca Raton.

Nan Eta Florid yon fiziyad lakoz 3 moun mouri

Dekouvri plis:

“Nanm Solèy” ak “LEGB’ART” rann omaj ak twa ekriven nan literati ayisyèn lan

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

États-Unis

Une proposition de loi interdit les enfants de moins de 16 ans d’utiliser les réseaux sociaux en Floride. Le parlement de Floride a adopté...