Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Nan fè “ti bèf” moun ka pran maladi daprè dantis Joab Floradin

Nan fè "ti bèf" moun ka pran maladi daprè dantis Joab Floradin

Ti bèf se yon pratik anpil koup renmen fè nan relasyon seksyèl pou chache plis plezi pandan ak seksyèl. Si pratik sa gen plezi li, gen risk tou li charye dèyè l, daprè sa dantis Joab Floradin te eksplike nou anndan yon konvèsasyon.

Espesyalis la nan eksplikasyon li yo te defini kisa ki ti bèf epi pwofite fè kèk diferans pou jounal la.

“Nou pale de sèks oral oubyen ti bèf se lè yon moun itilize bouch li pou li estimile swa peni, swa vajen oubyen anis yon lòt patenè. Yo pale de felasyon lè se fi a ki estimile peni gason an ak bouch li epi cunnilingus lè se gason an ki estimile vajen fi a ak bouch li sitou sa nou rele klitoris la epi nou pale de anulingus lè li fèt nan twou dèyè lòt patenè a”, eksplike Joab Floradin.

Fas ak tout pratik sa yo ki chaje plezi, gen anpil risk ki dèyè yo kote moun ka atrape maladi sida menm kan risk la piti anpil .

“Pou sa ki konsène viris sida a, risk pou yon moun trape viris la nan pratike ti bèf piti anpil. Yon moun ka enfekte se si moun lan ta ejakile nan bouch lòt patenè a epi patenè a ta gen yon lezyon nan nivo bouch li sètadi moun lan li genyen yon maladi nan nivo jansiv li, jansiv li ap senyen li fè yon maladi ki rele jenjivit oubyen li ta gen yon yon blesi nan nivo po bouch li, gen risk pou viris la ta pase pou l al rantre nan veso sangin lan pou l ta enfekte moun lan”, deklare Joab.

Si pou moun enfekte pa viris sida nan fè ti bèf piti anpil, gen lòt maladi moun ka pran nan pratik sa toujou selon dantis Joab Floradin ki te site plizyè pami yo Klamidya, gonore elatriye

“Lòt enfeksyon nou ka trape nan fè ti bèf se Klamidya ki konn pwovoke ekoulman. Kanal moun nan brile lè l ap pipi epi si li pa trete li ka gen gwo konsekans sou aparèy jenital moun nan, li ka rive menm redui chans pou l fè piti”.

Joab Floradin te rale gonore ki se yon enfeksyon kote moun lan ap remake yon sekresyon epè nan souvètman li ki kapab gen odè dezagreyab. Dantis la te fè konnen tou ke se pa yon enfeksyon grav paske li ka trete rapid depi li pa gentan rive nan yon estad ki kwonik.

Gen enfeksyon tankou papiyona, HSV, maladi sifilis moun ka pran tou, se nan sans sa Joab Floradin envite patenè ki renmen fè ti bèf pou achte yon dig dantè epi ankouraje patenè yo ale fè tès

“Si ou renmen fè ti bèf li enpòtan pou itilize yon dig dantè ki se yon sòt de kapòt ki evite ou gen kontak dirèk ak pati w ap estimile a. Toujou ale fè tès ak patenè nou avan nou antre nan pratike sèks pou konnen si pa gen youn nan nou ki gen enfeksyon nou sot site yo”.

Joab Floradin ki te eksplike tout maladi moun ka pran nan fè pratik sa, fè konnen se pa entèdi li entèdi moun fè l men pito se okouran de danje yo epi enpòtan pou pwoteje tèt yo fas ak danje yo

“Se pa ke nou entèdi yo fè pratik seksyèl sa. Li enpòtan pou yo pwoteje tèt yo”.

Dekouvri plis :

Des voix s’élèvent pour saluer le départ de Serge Gilles, l’une des figures du socialisme en Haïti

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...