Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Nan peyi “Inde”, kèk abitan itilize twalèt bèf pou terapi kont kowona

Nan peyi "Inde", kèk abitan itilize twalèt bèf pou terapi kont kowona

Pandan fen mwa avril la, peyi Inde ap konnen yon monte egzajere ka kowona, kote prèske chak jou peyi sa anrejistre anviwon 300 mil nouvo kontaminasyon. Sa ki ta pouse abitan nan peyi sa ap fouye zo nan kalalou pou vin ak pwòp tretman yo.

Nan yon videyo ki tounen 9 me pase a nan eta Gujarat peyi Inde, South China Morning Post montre kèk sitwayen ki lage kò yo nan itilize twalèt bèf pase sou kò yo pou terapi kont kowona.

Chak dimanch, moun ki kwè nan pratik sa reyini epi fè yon melanj lèt, bè klarifye, yaourt, pipi ak twalèt bèf. Melanj sa se sou kò yo ke yo pase li.

Apre melanj sa fin pase, yo kite l sèch sou po yo. Byen avan melanj lan sèch, moun ki pratike terapi sa fè yoga epi onore vach yo. Epi apre yo rense kò yo ak lèt.

Doktè Jaylal fè konnen pa gen okenn prèv syantifik pou di si twalèt bèf kapab itilize kòm tretman oubyen pou ranfòse sistèm iminitè kont yon enfeksyon a kowonaviris, selon sa jounal Courrier International rapòte.

Pratik sa endyen yo fè l paske yo kwè li ba yo enèji ak pozitivite epi fè yo pa pè pou afwonte nenpòt ki sitiyasyon.

Plizyè medsen nan peyi sa mete an gad kont pratik sa ki daprè yo menm kapab pèmèt lòt maladi pwopaje sou teritwa a.

Depi koumansman pandemi an, Inde anrejistre 260 mil mò pa viris la. Nan peyi "Inde", kèk abitan itilize twalèt bèf pou terapi kont kowona

Dekouvri plis:

Claude Joseph reconduit comme premier ministre pour les 30 prochains jours

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu