Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Nan yon rasanbleman nasyonal, MTV prezante manb kowòdinasyon rejyonal ak kominal li yo

Nan yon rasanbleman nasyonal, MTV prezante manb kowòdinasyon rejyonal ak kominal li yo

Pati politik Mouvman Twazyèm Vwa (MTV), fon rasanbleman jodi samdi 12 desanm 2020 an, nan lokal pati a nan komin Petyonvil, pou te prezante bay gran piblik la divès manb ki fè pati kowòdinasyon rejyonal ak kominal jèn pati sa ki gen pou prezidan, doktè Reginald Boulos. Aktivite sa batize “Rasanbleman Nasyonal 2020”.

Nan yon rasanbleman nasyonal, MTV prezante manb kowòdinasyon rejyonal ak kominal li yo

An prezans plizyè santèn moun ki soti divès kote anndan peyi a, dirijan pati politik MTV yo òganize rasanbleman nasyonal sa kote se te okazyon pou yo pou prezante ak laprès, gran piblik la an patikilye manb k ap kowòdone epi veyikile ideyal pati a anndan peyi a.

Se te ak anpil aplodisman, bann rara, kè kontan, animasyon dj, chante ak dans fòlklorik ke jounen sa te anime an prezans antreprenè Reginald Boulos. Nan okazyon an, sekretè jeneral pati a ki se Schultz Simpssie Cazir te pwofite de okazyon an pou fè istorite ak evolisyon pati a.

Jèn kad la relate kote pati a soti, kijan l te fè rantre ladan l apre l te fin pale ak Reginald Boulos epi tou fè konnen se pa pwoblèm pèsonèl manb MTV gen ak moun men pito yo gen pwoblèm ak movèz gouvènans, koripsyon elatriye.

Prezidan pati a, Reginald Boulos, nan diskou sikonstans li te manyen plizyè pwen. Nimewo 1 MTV a te abòde kesyon travay ke l kwè ki se lespwa epi choute sou pouvwa an plas la ki kole ak koze dekrè laprezidans lan ap soti dènye jou sa yo.

“Nan tout sa m ap fè, mwen toujou anime ak yon sèl volonte: kreye travay, kreye travay, kreye travau pou fè lespwa boujonnen, pou fè lespwa fleri… Nou pa ka pale diyite san travay. Nou pa ka pale devlopman san travay. Fòk devlopman an fèt nan diyite.”

“Pou evite tout konfizyon, MTV klè kou dlo kokoye: Manda prezidan an ap fini 7 fevriye 2021. Jan atik 134-2 konstitisyon an di l. Peyi a pa an pàn dekrè, li pa gen pwoblèm konstitisyon. Se pwoblèm travay li genyen”, deklare responsab Delimart la.

Doktè Reginald Boulos fè konnen pati l ap dirije a pral travay pou patisipe nan eleksyon nan tout nivo yo soti nan azèk pou jis prezidan pandan l fè konnen rèv li se kreye 100 mil anplwa chak ane

“Travay nan diyite, travay nan solidarite, travay nan respè youn pou lòt. Lè travay mare kòn li ak lespwa, li kreye yon rèv. Rèv pa mwen se kreye 100 mil anplwa chak ane lè MTVAyiti pran pouvwa a”.

Reginald Boulos te pale tou sou koze ensekirite ki anndan peyi a, sou lapolis la li estime otorite yo politize pou kraze, san l pa t bliye mande kote 60 milyon dola kowona, mande pwosè petwokaribe ke l di pouvwa a antere.

Apre rasanbleman sa, responsab yo kase randevou pou yon dat ki pa two lwen nan yon lòt depatman.

Dekouvri plis:

Nou pap konplis invite la population à sortir de son mutisme

Plus de contenu

Politique

Le Dr Reginald Boulos annonce son retrait de la vie politique en Haïti Port-au-Prince, Haïti.- Réginald Boulos coupe les ponts avec la politique. Usé par...

Politique

MTVAyiti se positionne sur la rencontre entre les signataires des deux accords et souhaite vivement une formalisation des discussions autour d’un agenda et des...

Politique

Accord, sécurité, elections: le MTVAyiti adresse une lettre ouverte au Premier Ministre Ariel Henry Le directoire du Mouvement  pour la Transformation et la Valorisation...

Politique

Le MTVAyiti plaide pour un accord inclusif pour une résolution de la crise Le MTVAyiti salue les efforts du premier ministre, Ariel Henry, des...