Connect with us

Hi, what are you looking for?

Littérature

“Nanm Solèy” ak “LEGB’ART” rann omaj ak twa ekriven nan literati ayisyèn lan

“Nanm Solèy” ak “LEGB'ART” rann omaj ak twa ekriven nan literati ayisyèn lan

Konpayi Nanm Solèy ak LEGB’ART mete tèt yo ansanm mwa ki sot pase a epi rann omaj ak Jacques Stephen Alexis, Dany Laferrière epi Frankétienne.

Inisyativ sa se Jean-Bernard Prinvil nan tèt kole ak Wilna Fleurimond epi Jean Caleb Naissance ki t ap kowòdone, kote te gen 3 “bustes” ki reprezante 3 gwo ekriven ayisyen sa yo. “Bustes” sa yo se travay atis Lobenson Civilma, san konte tablo penti ki te nan ekspozisyon an ki se zèv jèn atis Danaée Bien-Aimé, Emmanuel Pierre ak Lobenson Civilma tou.

Te gen 2 ekspozisyon ki te fèt nan moman omaj la kote nan Sant Kiltirèl Pye Poudre sou Boudon epi nan Alyans Fransèz nan vil Jakmèl, aktivite omaj sa te atire kiryozite anpil moun ki te vin founi je gade.

Ekspozisyon sa se yon fason tou pou mete twa ekriven sa yo devan, mete plis pwojektè sou yo, selon eksplikasyon Jean-Bernard Prinvil.

Yon lòt ekspozisyon te fèt nan Ench nan bibliyotèk minisipal vil sa, men akoz kowona epi lòt sitiyasyon, òganizatè yo deside anile kloti a ki te dwe fèt nan Fakilte IERAH epi ap reflechi sou yon lòt dat.

Nan moman ekspozisyon sa yo, estrikti yo te deside fè atelye penti ak timoun yo nan Sant Kiltirèl Pye Poudre, lekòl Art Timoun epi yon atelye espesyal te getan fèt nan vil Ench tou. Atelye sa pa t fèt jakmèl malgre te gen ekspozisyon ladan l.

“Nanm Solèy” ak “LEGB'ART” rann omaj ak twa ekriven nan literati ayisyèn lan

Dekouvri plis:

Covid-19: décès de la journaliste Esther Dorestal Alexis

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

L’Ambassade de la République d’Haïti en France félicite l’immortel Dany Laferrière pour le Grand Prix des Ambassadeurs francophones de France. La renommée de l’écrivain...

Culture

Dans un esprit de Konbit, 22 jeunes citoyens ont collecté un million de gourdes pour l’achat d’un tableau de Franckétienne. A l’initiative de Louino...

Éphéméride

« Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir », disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 12 décembre 2022. 12 décembre...

Actualités

La Délégation permanente d’Haïti et l’UNESCO ont organisé, le vendredi 22 avril 2022, jour du centenaire de naissance du médecin et écrivain haïtien Jacques...