Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Dèlma 33: Nèg ak zam piye magzen TZ Elektwonik ki loje nan konplèks Midore

Dèlma 33: Nèg ak zam piye magzen TZ Elektwonik ki loje nan konplèks Midore

Jodi jedi 27 me 2021, nèg ak zam antre nan espas Konplèks Midore ki twove l nan Dèlma 33, epi vòlè anpil aparèy elektwonik.

Daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon nou, li te nan 2 è aprèmidi, nèg kagoule ak zam sou yon moto san plak epi yon machin mak Suzuki ki imatrikile TP-60270 antre nan espas Pak Midore, piye magazen elektwonik sa ki pote non “TZ électronique”.

Responsab antrepriz la, mesye Valcourt Solève, fè konnen endividi sa yo pote ale yon gwo sòm lajan tou.

Repotè nou ki te sou plas konstate anpil enpak bal sou mi ak machin ki nan espas la. Selon tout enfòmasyon yo pa gen moun ki blese apre zak sa.

Aprè sèn nan, DCPJ ki te rive sou plas sezi yon machin ak yon moto ke endividi sa yo te sove kite aprè entèvansyon kèk moun nan espas la ki te fè anpil detonasyon.

N ap raple w konplèks Midore ki nan Dèlma 33 a, se yon espas kote moun gen posiblite lwe pou fè biznis. Sa ki fè gen anpil biznis anndan sa. Dèlma 33: Nèg ak zam piye magzen TZ Elektwonik ki loje nan konplèks Midore

Dekouvri plis:

Mache pye atè ka ogmante gwosè “Grenn” gason selon kèk chèchè.

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Les signataires de l’accord du 21 décembre disent appuyer les efforts du gouvernement d’Ariel Henry dans la lutte contre l’insécurité et réitèrent leur appel...

Politique

Le Haut Conseil de la Transition (HCT) tiendra un forum les 23 et 24 sur la sécurité, la gouvernance et reforme constitutionnelle et électorale...

Insécurité

De juillet 2021 à avril 2023, 2845 personnes ont été tuées et plus de 2000 cas de kidnapping recensés en Haïti : le gouvernement...

Insécurité

L’Ecole Nationale des Arts (ENARTS) suspend à son tour ses activités académiques en raison de l’insécurité La recrudescence des actes de banditisme en Haïti...