Aktyalite AN KREYÒL

Nofraj yon bato nan Marigo: 30 moun sove, 12 moun mouri selon bilan pwovizwa yo

Nofraj yon bato nan Marigo: 30 moun sove, 12 moun mouri selon bilan pwovizwa yo.

Yon bato ki rele “Eclésiaste” ki fè trajè Ansapit/Marigo arive fè nofraj jodi samdi a bò 2è nan maten selon sa DG SEMANAH a Éric Prevost Junior konfime ak redaksyon Juno7.

Selon dènye chif yo DG a konfime ak nou fè konnen gen 30 sivivan epi 12 ki arive mouri nwaye. Daprè tout dènye enfòmasyon yo, bato sa koule nan yon zòn yo rele “Grosse Pointe” ki twouve l ant Marigo ak Bèlans ki se 2 komin nan depatman Sidès la.

Chif sa yo rete pwovizwa, gen rechèch toujou k ap kontinye. Redaksyon an pa gen detay sou kantite moun ki te sou bato sa ki t ap pote machandiz ak materyo konstriksyon.

Enfo yo fè konnen tou gen 2 nan kapitèn bato sa ki mouri pandan nofraj la.

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 30 Octobre 2021

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile