Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Nou Konsyan” mande pèp la ranfòse motè mouvman mobilizasyon an sou beton an

"Nou Konsyan" mande pèp la ranfòse motè mouvman mobilizasyon an sou beton an
“Nou Konsyan” ki se yon estrikti epi youn nan branch Petwochalennjè, nan yon konferans pou la près li bay jodi madi 26 janvye 2021 an, nan lakou lekòl nòmal siperyè (ENS), lanse yon apèl bay popilasyon ayisyèn nan pou mande l ranfòse mouvman mobilizasyon an sou beton an, yon fason pou fè prezidan repiblik la Jovenel Moïse respekte atik 134-2 konstitisyon an.

Konferans sa te dewoule sou plizyè pwen tankou: arestasyon plizyè militan nan Miragwàn 21 janvye pase a, pami arestasyon sa yo ansyen senatè Nenel CASSY. Epi bay repons ak deklarasyon minis enteryè ai a, M. Gonzague DAY.

Pilate Voltaire ki se yon ekonomis epi youn nan viktim arestasyon 21 janvye pase a, te pran lapawòl pou l te deplore sa ki te pase a, epi pwofite remèsye tout moun ki te pote solidarite ak yo espesyalman laprès.

Ekonomis Voltaire te pale tou sou « Pwojè Avni an Komen (PAC)» pou eksplike sa li ye

“Pwojè sa se yon dokiman ke ekip Nou Konsyan elabore sou tranzisyon ripti ke anpil sektè nan lavi nasyonal la ap pale. Anndan dokiman sa nou prezante reyalite peyi a tankou, sitiyasyon sosyal l yo”.

“Fòk nou gen yon lòt sosyete kote lavi pral reprann” deklare ekonomis Pilate Voltaire pandan l te tou pwofite motive jenès la pou l apiye tranzisyon sa, daprè li menm ki se pou jenès la.

Yon lòt bò, pòt pawòl “Nou Konsyan” an ki se Ebens Cadet, te pwofite okazyon an pou l raple popilasyon an wòl papa Gonzague DAY sou rejim Jean Claude Duvalier, ki daprè li se te yon rejim diktati. Sou pwen sa li apiye pou l di ke mesye Gonzague se yon eritye diktati apre deklarasyon minis a.i enteryè a

” Deklarsyon sa ta vle di ke pouvwa an plas la gen nan tèt li pou l elimine yon ansanm moun k ap batay pou yon lòt sosyete” dekare Ebens Cadet , ki kontinye pou l di ke evènman Miragwàn nan se youn nan temwanyaj yo.

Pòt pawòl Ebens Cadet fè konnen “Kenkenna Jovenel Moïse la pa itil anyen”. Li tou, lanse yon apèl bay tout kòdinasyon nasyonal nou konsyan ki nan tout 10 depatman peyi a pou mobilize pou fòse Jovenel Moïse respekte konstitisyon an

“Nou mande popilasyon an ranfòse mobilizasyon an sou beton an, itilize tout zam li genyen pou l kanpe anfas yon diktatè ki pa respekte konstitisyon an”, deklare Ebens Cadet.

N ap soulinye pou ou “Nou Konsyan” atire atansyon opozisyon an sou altènativ ki dwe pran pou tranzisyon an, li mande yo pou yo mete akote tout enterè, pou yo sòti yon altènativ tèt ansanm nan jou k ap vini yo la pou derasinen rejim an plas la.

Dekouvri plis:

Covid-19: des scènes de violence lors des manifestations contre le couvre-feu, au Pays-Bas

Plus de contenu