Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

OCCED’H lanse pwojè apui sikososyal pou timoun ba Dèlma

OCCED'H lanse pwojè apui sikososyal pou timoun ba Dèlma

Lansman ofisyèl pwojè pwoteksyon apui sikososyal a timoun vilnerab ba Dèlma yo fèt pa l’Organisation des Coeurs pour le Changement des Enfants Démunis d’Haïti (OCCED’H) jodi madi 29 desanm lan, kote yo te pwofite ofri kado ak plizyè timoun.

Aktivite sa te òganize nan lokal Pak Midoré ki nan Dèlma 33, kote plizyè timoun ki te anviwon 300 konsa te soti nan kan Bèbèt, dèyè baz CIMO ak Dèlma 3,2,6 ak 8.

Daprè eksplikasyon madam Napoléon, objektif aktivite sa se pou fè gran piblik la konnen angajman òganizasyon li an de konsè ak UNICEF pran pou ede timoun vilnerab sa yo

“Nou jije l nesesè se paske OCCED’H avèk UNICEF nou vle ke opinyon piblik lan konnen ke angajman nou pran atravè pati sa paske timoun yo vrèman delese nan sosyete a”, deklare prezidant konsèy la.

OCCED’H pa la pou ofri kado ak timoun senpman, aktivite jodia se pou te anonse ak laprès ke gen antant ke OCCEDD’H jwenn ak UNICEF sou koze apui sikososyal ak timoun yo apre 6 mwa pledwari ke manb estrikti sa te fè bò kote enstans entènasyonal sa ki okipe l de koze timoun.

“Se sa k fè nou te lanse yon pledwaye bò kote UNICEF paske nou te mande yo fòk nou f on bagay pou timoun yo, fòk nou sove yo. Apre 6 mwa pledwaye, yo aksepte pou yo rejwenn OCCEDD’H sou teren an pou nou kapab ede timoun sa yo nan yon pwogram apui sikososyal”, eksplike Madam Napoléon.

Staf k ap akonpaye timoun sa yo gen sikològ, travayè sosyal, nòmalyen, kote responsab òganizasyon an repati moun sa yo atravè katye ke timoun yo soti nan ba Dèlma a, si nou kwè eksplikasyon Luca Usly Napoléon.

OCCED’H atravè pwojè sa idantifye timoun paran yo vilnerab, pa ka peye lekòl epi akonpaye yo nan peye eskolarite pou yo

“Sa paran yo pi vilnerab yo, nou akonpaye yo, nou pèmèt yo ale lekòl pou kapab ede timoun yo”, fè konnen Luca Usly Napoléon.

Madam Napoléon te kontinye pou l di OCCEDD’H travay sou tout peyi a men pwojè apui sikososyal la se nan depatman lwès la li ye kote y ap touche tout katye popilè yo e prevwa kòmanse ak lòt katye yo an 2021 pandan l te ajoute pou l di s on pwojè k ap dire 9 mwa.

Jan n te mansyone l pi wo a, nan kad lansman pwojè sa, tout timoun ki te prezan yo te resevwa jwèt tankou ti machin, balon, je edikatif elatriye epi bwè ak manje pandan jounen an.

Dekouvri plis:

Jovenel Moïse visite les travaux de construction de la route de Chansolme et de la centrale électrique du Nord-Ouest

Plus de contenu

Actualités

29 desanm 2020 an fè Multimaj Entertainment 7 lane depi y ap pwodui nan sektè sinema a. Nan okazyon sa, lavèy fèt la ki...

Actualités

La Fondation Digicel a distribué des jouets à près de 2000 enfants dans tout le pays. Port-au-Prince , Haïti .- La Fondation Digicel informe...