Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon ventèn òganizasyon mande liberasyon sendikalis Paul Loulou Chéry

Yon ventèn òganizasyon mande liberasyon sendikalis Paul Loulou Chéry

Yon ventèn òganizasyon sendikal mande liberasyon sendikalis Paul  Loulou Chéry.

Yon ventèn òganizasyon sendikal ki gen ladan l FUTRAH, FENATRAH, MUTH, anndan yon nòt pwotestasyon ki soti 7 janvye 2022 an di yo kondane zak kidnapin ak asasinay k ap fèt sou teritwa papa Desalin lan epi pwofite mande liberasyon sendikalis Paul Loulou Chéry gwoup gang  400 Mawozo kidnape. 

Nòt sa raple jan koze ensekirite a pa sispann mete dlo nan je popilasyon an depi plis pase 2 lane. Yo rale kanmarad yo Guy Polinice ak 2 lòt moun ki te ak li tren ensekirite a manje epi souliye zak kidnapin ki fèt sou Paul Loulou Chéry 5 janvye pase a. 

Gwoup òganizasyon sendikal yo estime zak sa yo se yon kout mato anplis ki vin ajoute sou lòt pwoblèm yo. Yo leve vwa yo pou di yo bouke konte kadav, kidnapin, vòl, vyòl ak disparisyon. 

Anndan nòt sa yo pa met dlo nan bouch yo pou kritike Leta yo di banalize lavi epi mande ak otorite yo pou pran responsabilite yo ak angaje yo pou kanpe rigòl san an.

N ap raple w Paul Loulou Chéry sibi zak kidnapin ak tout madanm li jou ki te 5 janvye a pandan l t ap rantre lakay li. Se Gwoup gang 400 Mawozo ki ta komèt zak sa epi mande 500 dola vèt pou libere otaj yo, daprè yon pwòch viktim yo.

Yon ventèn òganizasyon mande liberasyon sendikalis Paul Loulou Chéry

En savoir plus:

Kidnapping: plusieurs passagers libérés , un rassiveur appéhendé et un fusil d’assaut saisi par la PNH

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu