Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Òganizasyon sendikal ki te lanse modòd grèv la anonse yo leve l men li toujou kenbe pou Gran Sid la

Òganizasyon sendikal ki te lanse modòd grèv la anonse yo leve l men li toujou kenbe pou Gran Sid la
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7
Getting your Trinity Audio player ready...

Òganizasyon sendikal tankou FUTRAH, FENATRAH ki te lanse modòd grèv la anonse yo leve l men li toujou kenbe sou Gran Sid la.

Jodi lendi 18 oktòb la, plizyè òganizasyon sendikal te lanse yon grèv jeneral sou tout peyi a kont fenomèn ensekirite jeneralize ak dosye gaz la. Nan yon nòt ki pote siyati Montès Joseph, kowòdonatè Fwon Inifye Transpòtatè ak Travayè an Ayiti anonse modòd grèv la leve apati 6è nan aswè jodi lendi a.

Toutfwa, sendikalis la fè konnen grèv la ap kontinye nan Gran Sid la pou 24è ankò paske selon sa l di zòn sid la se pi gwo viktim nan tout briganday k ap pase nan peyi a.

Anndan nòt sa, sendikalis yo fè konnen yo mete chapo yo byen ba devan tout moun ki te solidarize yo di ak premye manch batay la epi voye Salitasyon pou tout Sektè.

Gwoup sendikalis yo anonse semèn 25 k ap vini an y ap kontinye ak mobilizasyon an paske yo estime yo detèmine epi rete kwè y ap jwenn solisyon ak ansanm revandikasyon yo.

Se anviwon 30 òganizasyon sendikal ki andose nòt sa ki rive jwenn redaksyon Juno7 la.

Òganizasyon sendikal ki te lanse modòd grèv la anonse yo leve l men li toujou kenbe pou Gran Sid la

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

Formation du CEP: l’ANMH sollicite un report du délai fixé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Sou demann popilasyon an, sendika transpò piblik yo repòte pwovizwaman twa jounen grèv yo te anonse pou peryòd...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Grèv jeneral la ap leve sou peyi a jodia bò 4 è selon sendikalis Jacques Anderson Desroches. Nan...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti lanse yon grèv kont ensekirite pou demen jedi a. Asosiyasyon Chofè Pwodui...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Aprè 2 jounen grèv ki te fèt lendi ak madi pase a sou direksyon sektè sendikal la ,...