Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Òganizatè “Ayiti Mizik Festival” yo lanse 4è edisyon an

Òganizatè " Ayiti Mizik Festival " yo lanse 4è edisyon an

Òganizatè festival mizik ki batize “Ayiti Mizik Festival” yo prezante lendi 21 desanm lan anndan otèl El Rancho, yon konferans pou laprès pou lanse aktivite sa epi bay detay sou li alapròch de dat aktivite mizikal sa ki pwograme pou 2 janvye 2021 k ap vin la.

Nan entèvansyon li, Zigizag fè konnen li swete kòmanse festival la bonè bò 2 zè yo. Nan sans sa, li mande ak medya yo pou ankouraje moun yo mache bonè yon fason pou lè a respekte.

“Nou te vle kòmanse festival la de trè to. N ap travay pou kounya sou sit la… Vrèman a 2 zè n ap ouvri pòt yo pou DJ kòmanse jwe. N ap eseye pèmèt chak gwoup kapab genyen 25 a 30 minit pou yo jwe. Mwen eseye nou ede m anpil laprès pou mesaj la rive lakay popilasyon an”.

Nan yon moman kote peyi a tonbe nan yon fenomèn ensekirite jeneralize kote zak pa sispann repete, pou kalme perèz kay patisipan k ap pare pou vin pran plezi 2 janvye sa, òganizatè yo alète tout gwo enstitisyon ki responsab kesyon sekirite anndan peyi a, yon fason pou pèmèt moun yo retounen trankil apre festival, selon sa yon manb ki responsab kesyon sekirite nan aktivite a fè konnen

“Ane sa nou pran plis dispozisyon… Fwa sa nou leve nivo a, nou ekri CSPN lan, nou ekri minis jistis la, nou ekri minis enteryè a, nou ekri DG polis la, nou ekri komisarya Dèlma, nou ekri meri. Sa vle di nou vrèman pran anpil dispozisyon pou akonpaye moun yo e lè y ap vini, e lè y ap tounen lakay yo”.

Pou 4è edisyon sa, ekip la ap rann omaj ak Dadou Pasquet ki te prezan nan konferans sa ki t ap eksplike pakou li, lanmou li pou mizik e sitou atachman li ak Ayiti malgre li fè prèske tout vi l ap viv deyò peyi a pandan l te tou pwofite raple li sou plizyè esè pou l tante vin viv Ayiti men peyi a pa ba l chans sa.

2 janvye pou mil goud, patisipan yo ap gen chans savoure yon laynòp chaje ki konpoze de Sweet Micky, New Look, Enposib, Vayb, Kreyòl La, Harmonik, Gabel, Ekip, Mass Konpa, Disip, Buzz, K-Niway, Siromiel, Rutshelle, Roody, Darline Desca, Blondedy, Danola, Pierre Jean, Shassy, Tamara Suffren, Flesh, Frère Dejean, Nadia Faubert ak Bendgine. Posib pou gen RAM selon sa Zigizag lèse antann.

Magre laynòp sa, Zigizag fè konnen yo toujou ap jwenn demann lòt gwoup ki ap mande pou patisipe men òganizatè ansanm ak lòt kòlèg yo pèsite ke Ayiti Mizik Festival se avantou yon biznis, chwa gwoup oubyen atis yo vini paske manb òganizatè yo estime gwoup ak atis sa yo an mezi pou drennen moun epi fè reyisit Ayiti Mizik Festival la.

N ap raple w premye edisyon an se gwoup Buzz ki te chanpyon. 2e edisyon an se K-Niway, edisyon 2020 se te atis Pierre Jean. Pou 4è lan moun ap tann ki gwoup oubyen atis k ap ofri pi bèl pèfòmans lan. Randevou 2 janvye

Dekouvri plis:

Guerking Souffrant, yon “repòtè dimaj” ki make lane 2020 an sou rezo a

Plus de contenu

Actualités

Nan yon nòt ki soti madi 29 desanm lan, ki pote siyati Zigizag ak Abdias, òganizatè yo anonse ke Ayiti Mizik festival la anile,...