Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kowonaviris: Operasyon Tèt ansanm plase mo l sou koze vaksinasyon an

Nan yon nòt ki pote siyati doktè Kelly C. Bastien, doktè Shiler Louidor, doktè Ernso Casimir, Evalière Beauplan ak Bertrand Sinal, estrikti Operasyon Tèt Ansanm eksprime enkyetid li sou koze vaksinasyon kont kowonaviris Jovenel Moïse ap pale a.

Anndan nòt sa, estrikti a fè konnen li pa sezi wè Jovenel Moïse ke l kalifye gwo ènmi popilasyon an pran dekrè sou vaksinasyon kont kovid 19. Pandan estrikti a fè konnen li pou vaksinasyon men li dwe yon pwogram vaksinasyon ki garanti lasante ak lavi.

Pi lwen anndan nòt sa, Operasyon Tèt ansanm kwè ke dekrè vaksinasyon sa plis sanble yon plan Jovenel Moïse ap marinen pou donmaje ak touye ayisyen san kontwòl. Paske daprè sa estrikti a fè konnen, pouvwa an plas la pa bay okenn eksplikasyon sou kalite, pri, dòz, avantaj, nivo pwoteksyon, garanti sekirite, pwovnans, pwogram, sètifikasyon sou kesyon vaksinasyon sa.

Operasyon Tèt Ansanm di anndan nòt sa li rete kwè se yon vaksen trafike pandan l fè konnen MSPP pa gen okenn kontwòl sou trafik move medikaman

“Dekrè sa pa bay garanti, si ta gen ayisyen ki viktim lè l fin vaksinen, viktim yo p ap ka trennen devan lajistis: ni leta, ni konpayi ki fabrike vaksen an. Kòm gen anpil trafik move medikaman ki deja ap taye banda nan peyi Dayiti ki pa sou okenn kontwòl MSPP, Operasyon Tèt Ansanm prese enfòme pèp ayisyen an, sou posiblite vaksen trafike ki se yon gwo danje”, nou kapab li anndan nòt sa.

Estrikti a kritike dekrè a ke l di ki pa esplike klè kou klèwòz tout dispozisyon ki ta garanti pwoteksyon sante tout moun.

Operasyon Tèt Ansanm fè konnen l ap pare pou akonpaye popilasyon an douvan lajistis si yo ta viktim nan koze vaksinasyon an pandan l envite sitwayen yo monte volim mobilizasyon an pou kanpe wilib yo di Jovenel Moïse ap pran depi 7 fevriye pase a sou pouvwa a.

Dekouvri plis:

Izolan se confie à Juno7 sur les raisons de son arrestation

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra. Mónica Almeida se non yon pòtigèz 37 lane ki...

Santé

Nan yon atik jounal “The Telegraph” soti, fè konnen ou ka pran kowonaviris lè yon moun pete. Jounal britanik lan “The Telegraph” nan yon...

Santé

Kowonaviris la kontinye ap taye banda pa bò isit. Chif MSPP yo kontinye ap ogmante nan chak bilan otorite sanitè yo mete deyò. Nan...

Santé

Laprezidans nan peyi vwazen anonse yè dimanch lan yon dam 121 lane ki fèt 13 mas 1900 pran vaksen kont kowonaviris nan pwovens Puerto...