Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Opozisyon an deklare mwa me a se mwa mobilizasyon pou bare koze referandòm lan

Opozisyon an deklare mwa me a se mwa mobilizasyon pou bare koze referandòm lan

Nan yon konferans pou laprès li bay jodi jedi 29 avril 2021 an, nan lokal li nan Dèlma 60, Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP), dekrete mwa me k ap vini an, kòm mwa mobilizasyon manch long nan tout peyi a pou goumen kont pwojè referandòm antikonstitisyonel pouvwa Jovenel Moïse la prevwa fè 27 jwen 2021 k ap vini la.

Pou te demare konferans sa Mèt Maisonneuvre te fè pale sou kesyon prizonye politik yo ak demach k ap mennen pou libere yo. Aprè se ta pral tou pa yon nan lidè opozisyon an , ansyen senatè Nenel Cassy ki te fè yon ti pase sou pozisyon “Congressman” ameriken yo ki mande administrasyon Biden lan pa soutni koze referandòm lan epi re-evalye pou li sou Ayiti , yon fason pou ansyen senatè Nip la montre Jovenel Moïse mete demokrasi a an danje.

Sektè Demokratik la nan menm konferans sa te touche pwen prizonye yo pou anonse y ap rete bò kote prizonye politik yo ki deja gen anviwon 17 mwa nan prizon. Daprè sektè opozisyon an, dosye a pral jije devan lakou kasasyon nan jou k ap vini yo.

Pi lwenn anndan konferans sa, Mèt André Michel deklare “Nou p ap negosye ak okenn asasen”, pandan l te pwofite tou akize Jovenel Moïse kòm moun ki patisipe nan masak ki fèt nan katye popilè yo. Nan menm kontèks sa li mete an gad tout sektè ki prevwa al negosye ak gouvènman an. Daprè pòt pawòl Sektè a, se Joseph Mecène Jean Louis ki prezidan tranzisyon ripti peyi a, se ak li pou pou yo negosye paske li gen manda majorite a.

“Nou p ap janm jwenn sektè Demokratik la nan kowabitasyon ni negosyasyon avèk Jovenel. Pa bliye se Mecène Jean Louis ki se prezidan sosyete sivil la ak klas politik opozisyon an te chwazi pou vin prezidan pwovizwa tranzisyon an. Nou p ap aksepte kout ponya nan do sa. Si yon moun bezwen negosye al pale ak Met Joseph Mecène Jean Louis, l ap di nou ki premye minis l ap mete. Atansyon konpatriyòt !! nou gen responsabilite moral pou nou respekte chwa sa ke popilasyon an te aplodi a. Nou gen yon sèl towo, li rele Joseph Mecène Jean Louis”, daprè sa Pòt Pawòl Sektè a deklare.

Rony Timothé bò kote pa l te pran lapawòl pou pale sou fenomèn ensekirite a ki blayi nan mitan popilasyon an. Li mande popilasyon an pou kanpe ansanm pou bare anwo, bare anba, lòk tout kote pou frennen fenomèn sa, epi lanse mwa me a kòm mwa mobilizasyon pou bare reyalizasyon referandòm nan.

“Nou konstate dènye tan sa yo fenomèn ensekirite a ogmante. Depi sou Direktè Normil Rameau lapolis la mouri, e kounya li antere ak Léon Charles. Jovenel Moïse se premye kidnapè a, li kidnape yon pouvwa depi 7 fevriye 2021. Si nou tout leve yon bon maten nou lòk tout kote, n ap ka kwape ensekirite a ki mouye tout moun”.

Rony Timothé te kontinye pou l Di “Kòmanse mwa me a pou rive mwa jwen nan peryòd referandòm nan, nou dekrete mwa mobilizasyon. Tout sa k dwe fèt pou anpeche nèg sa yo rive nan wout yo vle a, n ap fè l”, deklarasyon Timothé pou avèti pouvwa an plas la.

N ap raple w tou premye ak 2 me k ap vini la, sektè Demokratik la di l ap akonpanye ouvriye ak ouvriyèz yo nan mouvman y ap gen pou yo fè sou tèren an. Sektè Demokratik la fè konnen tou, y ap fè yon vire won nan 10 depatman peyi a pou sansibilize militan baz yo, avan yo retounen pou vin lanse mobilizasyon manch long nan kapital la kont pouvwa PHTK ki sipoze demare mwa me sa.

Sou tab konferans sa te gen ansyen senatè Nenel Cassy, Rony Timothé, Mèt André Michel, Mèt Maisonneuvre ak prezans Marjorie Michel epi 3 paran prizonye politik.

Dekouvri plis:

La DIGICEL affirme n’avoir l’intention d’acheter ni de s’approprier l’espace de la SOGENER

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) réitère son appui au Premier ministre Ariel Henry et à sa demande de déploiement d’une force multinationale en...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...

Politique

Le directoire du SDP rencontre l’ambassadeur de France accrédité en Haïti, Fabrice Mauriès, autour de la situation Politique du pays. Le directoire du SDP...

Politique

L’installation du Haut Conseil de la Transition est un pas dans la bonne direction, pour certains acteurs politiques et des membres de la société...