Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Opozisyon an deklare se yon siksè jounen mobilizasyon 15 janvye a nan tout peyi a

Opozisyon an deklare se yon siksè jounen mobilizasyon 15 janvye a nan tout peyi a

Nan kad yon konferans pou laprès ki bay samdi 16 janvye a, nan lokal sektè demokratik ak popilè a, Dèlma 60, pa dirijan sektè opozisyon an, yo arive drese bilan manifestasyon ki te fèt vandredi 15 janvye a nan kapital la ak anpil vil pwovens.

Yon jounen reyisit daprè òganizatè yo

Nan okazyon konferans lan, pòt pawòl sektè demokratik la, mèt André Michel te raple avan tou ke komite mobilizasyon sitwayèn pou respè konstitisyon an pa yon koze pati politik, yon gwoup nan sosyete sivil la men se yon gwoup ki met ansanm ki mete komite sa sou pye.

Avoka fawouch pouvwa an plas la, te kontinye pou l di mobilizasyon Jakmèl la te byen pran, pa gen okenn ensidan epi bat bravo pou moun Jakmèl.

“Mobilizasyon an te byen pran nan vil Jakmèl te gen yon fòt patisipasyon popilè nan manifestasyon Jakmèl la. Pa gen okenn ensidan pou nou siyale”, deklare Mèt André Michel.

Nan depatman Sid, mèt André Michel rapòte manif nan Sid la, espesyalman nan vil Okay moun yo patisipe masivman. Li te kontinye ak bilan an pou l di nan ti Gwav manifestasyon an te reyalize nan kalm, te gen pil moun epi li souliye se kote manif lan te dire plis pou jounen an .

“Nan Ti Gwav, manifestasyon an te dewoule nan lòd ak disiplin avèk yon fòt patisipasyon popilè, yo te rete nan laria jiska 4 trè laprèmidi, se youn nan kote manifestasyon an fè plis tan nan lari”, rapòte mèt Michel.

Nan Sen Mak, André Michel akize yon endividi ki rele Ti Mazo ki daprè li ap travay pou pouvwa ki ta voye wòch ak boutèy sou manifestan yo, yon fason pou entimide popilasyon an, li tou pwofite kondane zak entimidasyon sa.

Nan Pòtoprens, Mèt André Michel relate lapolis ki te tire gaz lakrimojèn nan nivo Dèlma 32 ak nivo Pon Monren, zòn Natcom, pandan li kondane konpòtman fòs lòd yo ki antirepibliken daprè sa l di .
“Militan yo te trè detèmine, yo te chofe anpil, men malerezman lè nou rive Dèlma 32 lapolis te gen yon konpòtman inakseptab, antidemokratik. Yo te voye gaz lakrimojèn, lapolis tire epi sa tap ale andikape manifestasyon an… Lè manifestasyon an rive nan Pon Monren nou konstate lapolis tire bal, anpil gaz lakrimojèn sou moun ki t ap manifeste yo. Nou kondane avèk pi gran enèji konpòtman lapolis. Yon konpòtman konsa antirepibliken”.

Mèt André Michel rapòte tou gen militan Mackenson Eprimé lapolis te arete pandan mobilizasyon an jwenn liberasyon l apre entèvansyon anpil avoka opozisyon an, li ta pral libere bò 3 zè 30 nan apré midi.

Mèt André Michel nan non sektè opozisyon an di l kondane zak polisye yo fè anndan komisarya Pòtopwens la kont avoka yo, jounalis Oriol Jacquelin k ap travay pou RCH 2000 epi fotograf Edris Fortuné. Mèt André Michel fè konnen y’ ap pare pou pote plent devan enspeksyon jeneral polis la pou polisye sa yo li kalifye yo kòm bouwo.

Li kalifye jounen mobilizasyon 15 janvye a nan tout peyi a yon jounen siksè total kapital .

“Jounen mobilizasyon 15 janvye 2021 an se yon siksè total kapital, yon siksè popilè, paske sitwayen yo patisipe masivman nan manifestasyon sa a… Militan yo fè prèv de disiplin, de lidèchip epi popilasyon an patisipe. Sa pwouve gen yon dinamik mobilizasyon ekstraòdinè ki anklannche nan tout peyi a, sa pwouve popilasyon an pral goumen avèk enèji, avèk fòs ak detèminasyon pou fè respekte atik 134-2 konstitisyon ki se manman lwa peyi Dayiti”

Li te fini pou l di mobilizasyon an ap pouswiv epi li anonse 20 janvye se direksyon devan anbasad amerikèn pèp la ap pran epi siyifye pèp ameriken an manda prezidan ayisyen an fini konstitisyonèlman .

Dekouvri plis:

Diaspora et nouvelle constitution : un congrès pour mettre les choses au point

Plus de contenu

Politique

Boudant l’invitation des émissaires de l’OEA, le Secteur Démocratique et Populaire ne veut négocier que si Me. Mécène Jean-Louis est reconnu comme président de...

Politique

DIRPOD, En Avant, MTVAYITI, ENTENTE, FND et Organisation Tèt Ansanm des structures de l’opposition proposent un départ ordonné du président et l’établissement d’un gouvernement...

Politique

Plusieurs partis politiques de l’opposition annoncent une tournée dans la région des Palmes visant à faire échec au référendum. Port-au-Prince , Haïti .- L’opposition...

Actualités

Opozisyon an bay popilasyon an randevou demen devan anbasad amerikèn pou mèkredi 20 janvye a Komite Mobilizasyon Sitwayèn pou Respè Konstitisyon an, bay yon...