Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Opozisyon an deklare si prezidan pa ale 7 fevriye opsyon an se vyolans pou fè respekte manman lwa peyi a

7 fevriye - Sektè demokratik la mande pèp la leve kanpe pou fèmen peyi a
Photo : Ody Bien-Eugène | Juno7

Sektè Demokratik ak Popilè a nan yon konferans li bay laprès Jodi 4 fevriye 2021 an, nan biwo pati politik ASO, fè konnen ke 7 fevriye prezidan Jovenel Moïse ap bay peyi a blanch.

Sektè Demokratik la te pwofite tou pou pote solidarite l ak ansyen senatè Nenel CASSY aprè atak nèg ak zam fè sou li yèswa 3 février 2021 an.

Im desalinyèn nan se te chan ki te bay lansman konferans sa. Nan lide pou motive militan ki te nan espas la. Ansyen depite Ulrick St Cyr te pran lapawòl pou l lonje dwèt li sou pouvwa Jovenel Moïse la daprè li ki kòmanse ap atake tout moun ki vle goumen kont pouvwa PHTK

« Pouvwa deklannche yon represyon sistematik nan tout peyi a, anpil moun blese ak bal lapolis anpil kote nan peyi a. Nou p ap kontinye tolere pou y ap asasinen popilasyon an konsa. N ap mande tout moun kèlkeswa kote yo ye pou yo jere zòn yo, epi popilasyon kòmanse pran responsabilite l. Yo atake machin Nenel CASSY. Twòp pèsekisyon, se twòp atò, ke popilasyon an fè lejitim defans”, deklare Ulrick St Cyr.

Réginald Dumé bò kote pa l kòm manm Petwochalennjè, fè konnen pou sa pèp ayisyen ap sibi, pa gen diferans ant yo, epi fè konnen ke yo pa gen moun ki pou defann yo

“Jodia pou sa n ap sibi pa gen divèjans nan mitan nou, pa gen diferans nan mitan nou. Se nan sans sa jodi a se nou ki pou defann tèt nou. Pa gen lapolis k ap defann nou, pa gen premye minis k ap defann nou. Se pou nou rete vijilan pou nou veye moun k ap antre nan mitan nou. Si Jovenel pa ale 7 fevriye nou pa gen lòt opsyon ke vyolans”, deklare Réginald.

Patrick Joseph ki pat gen avi diferan te pale sou akò anpil pati politik nan pozisyon an te jwenn pou pèp ayisyen qn. Epi pale de Komisyon Nasyonal Tranzisyon (CNT), pandan l te tou pote solidarite l bay Nenel CASSY pou di ke pèp ayisyen an avè l

“Genyen yon komite ki rele Komite Nasyonal Tranzisyon ki gen pou monte nan jou yo la aprè demen. Kèlkeswa moun ki ta di tou ke gen chwa ki fèt deja se pa vre, CNT a poko chwazi moun. Men tout pati politik yo chita pandan n ap pale a la pou yo kapab monte ak CNT a. Apati jodi a nouvo eslogan se, Veye anwo, veye anba pou vòlè yo pa ale”.

Pòt pawòl Sektè Demokratik la, mèt André Michel ki te bay dizon pa l di li tande pozisyon anpil sektè ki di ke manda prezidan Jovenel Moïse ap fini 7 fevriye 2021. Li te tou pwofite voye yon mesaj bay direktè lapolis la Léon Charles.

“Mwen tande pozisyon sektè pwotestan, mwen tande pozisyon sektè katolik, mwen tande pozisyon federasyon bawo AYITI ki gen ladan l 18 bawo, ki di Jovenel Moïse se fini. M ap voye yon mesaj solanèl bay Léon Charles pou m di l, ou gen yon responsabilite konstitisyonèl lè w se chèf lapolis. Malè a ou si w al antre nan fè represyon, touye moun pou Jovenel Moïse. Léon Charles akonpanye pèp la nan tout peyi a, lagè avèti pa touye kokobe”.

DIRPOD tou pwofite lanse pou wikenn nan mobilizasyon nan tout peyi a pou rive dimanch ki se dènye faz batay la, jiskaske yo fè Jovenel Moïse respekte atik 134-2 konstitisyon an.

Dekouvri plis:

Joseph Jouthe exige la carte d’identification nationale pour traiter avec l’administration publique

Plus de contenu

Politique

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) réitère son appui au Premier ministre Ariel Henry et à sa demande de déploiement d’une force multinationale en...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...

Politique

Le directoire du SDP rencontre l’ambassadeur de France accrédité en Haïti, Fabrice Mauriès, autour de la situation Politique du pays. Le directoire du SDP...

Politique

L’installation du Haut Conseil de la Transition est un pas dans la bonne direction, pour certains acteurs politiques et des membres de la société...