Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Opozisyon an lanse dènye liy dwat batay la nan objektif pou fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a

Opozisyon an lanse dènye liy dwat batay la nan objektif pou fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a

Direktwa Politik Opozisyon an (DIRPOD), lanse dènye manch batay la nan tout peyi a, nan yon konferans pou laprès li bay yè samedi  30 janvye 2021 an, nan jaden Radyo tele Kiskeya. Yon lòt kote DIRPOD anonse tou ke y ap prezante bay Popilasyon an dokiman akò politik ke anpil pati politik nan opozisyon an met tèt ansanm pou siyen aprè midi a.

Se devan plizyè militan de baz ak kèk lòt lidè politik nan opozisyon an, epi kèk reprezantan sektè sendikal la ke seremoni sa dewoule avèk yon minit silans ki te fèt nan memwa sosyològ, manb Sektè Demokratik la , Anthony Barbier, ki se mari jounalis  Liliane Pierre Paul epi yon nan moun ki te batay tou pou mete tèt ansanm nan opozisyon an, ki mouri vandredi swa, aprè yon malèz li te gen .

Nenel CASSY yon nan manm komite mobilizasyon sitwayèn te pran Lapawòl pou l te pwofite voye senpati l bay fanmi Mesye Barbier espesyalman ak jounalis Liliane Pierre Paul. Li tou anonse tou ke rèv Anthony Barbier te gen pou peyi a p ap kaba.

“Disparisyon Anthony Barbier dwe ba nou plis fòs pou nou kontinye batay. E nou swete ke li ba nou fòs, epi fè sa li ka fè kote l ye a pou fasilite Jovenel Moïse kite palè nasyonal 7 fevriye 2021 k ap vini la. Nou pral batay pou nou fè kè l kontan kote l ye a. Nan lè k ap vini la yo dokiman inite ak sòti nan kriz la pral akouche devan pèp ayisyen an”, deklare ansyen senatè Nenel CASSY.

Nenel CASSY konfime tou ke tout pati nan opozisyon an deja gen akò sou anpil pòs pou enstalasyon tranzisyon an.

“Nou klè deja sou chwa premye minis, chwa prezidan, chwa monte gouvènman. Sa ki rete kounya se djòb pèp ayisyen an pou fòse Jovenel Moïse kite palè a. Kote m ap pale la, se dènye diskisyon yo k ap fèt”.

Mèt André Michel ki se pòt pawòl sektè demokratik la bò kote pa l anonse dènye manch batay la sou teren an apati de demen, epi anonse tou prezans jounalis ak obsèvatè etranje nan peyi a.

” Jodi dimanch 31 janvye 2021 an, pèp la pral desann nan lari a an mas. Pou mande respekte konstitisyon an, pou l mande enstalasyon tranzisyon ripti a. Jovenel Moïse dwe respekte atik 134-2 konstitisyon an. Deja gen plizyè jounalis ak obsèvatè etranje sou tèren an pou asiste ak dènye manch batay sa, pou fè Jovenel respekte konstitisyon an. Lapolis deja okouran, nou espere l pran resposablite l”.

Premye ak 2 fevriye  k ap vini la, se ap 2 jou grèv nan tout peyi a. Reprezantan sendikal yo ak lòt lidè politik mande Popilasyon an pou respekte grèv sa yon fason pou di NON ak ensekirite a k ap taye banda epi voye yon avètisman bay pouvwa an plas la pou  di l li pa gen kapasite dirije peyi a.

Dekouvri plis:

Le taux de référence de la BRH pour ce Samedi 30 janvier 2021 – Juno7 Haiti

Plus de contenu

Actualités

Le parti politique les Engagés pour le Développement (EDE) invite le peuple haïtien à intensifier la mobilisation anti-gouvernementale. Des structures politiques haïtiennes ne cessent...

Monde

En France, des centaines de milliers de manifestants pour demander une hausse des salaires et dénoncer les réquisitions de grévistes dans les raffineries. Des...

Actualités

Manifestation du 22 août : la police nationale d’Haïti déplore la mort d’un manifestant et renouvelle son engagement à prendre toutes les dispositions de...

Actualités

Des sympathisants de Jean Bertrand Aristide ont gagné les rues ce dimanche pour réclamer son retour au pouvoir À l’occasion de la célébration de...