Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Oser être soi-même”, yon aktivite pou prezante valè ki gen anndan ENARTS

"Oser être soi-même", yon aktivite pou prezante valè ki gen anndan ENARTS

Sou inisyativ direktè kominikasyon ENARTS la, Georges Beleck, kominote estidyantin anndan lekòl sa òganize jodi vandredi 11 desanm lan, yon aktivite ki pote non “Oser être soi-même”

…kote objektif la se pou pèmèt gran piblik la dekouvri valè ak potansyèl ki gen anndan youn nan pi gwo lekòl kiltirèl ak atistik anndan peyi a.

Nan ti pale ak Georges Beleck sou aktivite a, responsab twoup Regards Croisés a fè konnen se yon fason pou prezante valè ENARTS genyen

“Se yon fason pou prezante valè ENARTS ki gen anpil talan sou plan atistik, teyat, dans. Genyen ki konn prepare pla ayisyen, genyen se atizana. Se yon manyè pou n al chache sa nou ye a” deklare Georges Beleck.

Se nan menm sans pou ale chache oubyen dekouvri sa ki kache kay etidyan ENARTS yo ke Georges Beleck di yo te chwazi tèm “Oser être soi-même”.

“Nou nan yon peyi kote laplipla ayisyen vle yon lòt moun olye yo sa yo ye a. Nou toujou bezwen idantifye n atravè yon lòt moun. Nou vle ayisyen bat pou l montre sa l ye a epi respekte sa l ye a”.

Anndan aktivite sa, piblik la ap gen chans dekouvri ekspozisyon zèv etidyan yo. Ap gen manje peyi, kouti, dans, rabòday ak yon pakèt lòt aktivite kote jounen sa ap fini bò 4 trè a.

Georges Beleck fè konnen son pwojè pilòt, yo konte fè lòt edisyon apre dekont jounen sa, li fè konnen se lè sa y ap an mezi konnen kijan rezilta a ye.

Aktivite sa ap difize sou plizyè platfòm ENARTS yo tankou Facebook, Instagram, YouTube.

Dekouvri plis:

2 mois à 2 ans de prison, 5 millions de gourdes d’amende si les prix ne sont pas affichés en gourdes

Plus de contenu