Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Ou ka ejakile deyò epi fanm nan ansent, pitit la se pou ou, daprè yon espesyalis

Nan koze relasyon seksyèl gen anpil gason ki renmen fè sèks san kapòt. Anpil nan jèn gason sa yo toujou santi vyann nan vyann lan pi gou, y ap jis retire grenn yo epi voye deyò lè y ap vini. Malgre nèg sa yo retire grenn yo nan vajen fi a lè yo pral voye, gen chans pou fanm sa ansent daprè etidyan nan medsin Faïly Anderson Trazil ki espesyalize nan koze fè rechèch sou medsin prevantiv.

Byen avan Faïly Anderson Trazil te bay sa k fè yon fanm ka tonbe ansent menm kan nèg la voye deyò, li te pote eksplikasyon sou sa ki yon likid “pre seminal”

“Likid pre seminal oubyen pre ejakilatwa se yon ti likid glise ki transparan, ki soti nan tèt kòk gason an. Likid sa soti lè gason an eksite epi kòk la di. Kantite li varye selon moun lan. Gen moun li kapab anpil jis li koule, gen moun li kapab pa anpil se tèt kòk la sèlman ou santi ki mouye epi glise”, eksplike Faïly.

Pi lwen jèn etidyan sa fè konnen likid sa diferan de espèm lan, moun pa ka kontwole lè l ap vini

“Likid sa diferan de dechay lan, li diferan de lè gason an ap voye paske ou pakab kontwole li, ou pa konnen kilè l ap vini, ou p ap santi anyen, w ap sèlman wè li parèt otomatikman”.

Si n ap refere n ak detay Faïly Anderson Trazil yo, nou kapab di likid pre seminal la jwe yon pakèt wòl tankou li netwaye kanal pipi gason an pou retire kras pise ak lòt bagay li rankontre nan kanal la pou pèmèt espèm lan alèz epi viv byen lè l ap rive, li fè tèt kòk la mouye epi glise ki pèmèt lè w ap foure kòk la ou pa jwenn okenn difikilte.

Rezon ki fè fanm lan ka ansent

Apre tout eksplikasyon sou kesyon likid pre seminal la, nou te retounen nan vif sijè a ki se voye deyò epi fanm lan tonbe ansent. Faïly Anderson Trazil te pote eksplikasyon li yo konsa pou l di

“Sa kapab rive vrèman nan premye ke a gason an voye deyò oubyen li voye nan kapòt la. Nou pral rekòmanse ankò, men nan 2è lan ap toujou gen menm likid sa a (pre seminal) ki pral vide lè kòk gason an pral di ankò, li pral pase nan kanal lan pou l netwaye kanal lan, lè sa a kras dechay oubyen espèm ki te rete nan premye ke a pral akonpaye yo de likid sa a, li tonbe anndan fi a epi fi a vin tonbe ansent ak rès dechay gason an te voye nan premye ke a, pandan li te voye deyò”, eksplike Faïly Anderson Trazil.

Faïly Anderson te kontinye pou l di menm si gason an pa ta voye ditou nan 2e ke a, men depi rès dechay premye ke a tonbe anndan fi a li ka ansent depi l nan peryòd ovilasyon l

“Menm si nan dezyèm ke a gason an pa ta rive voye oubyen li ta voye deyò ankò, men premyedechay te deja tonbe anndan fi sa a, depi l nan moman ovilasyon l ap ansent nòmalman”, avèti Faïly Anderson Trazil.

Fas ak tout pwoblèm sa yo ke souvan mesye yo inyore, li difisil pou yon fi ki tonbe ansent konsa konvenk yon gason se pou li. Se rezon tou ki fè anpil pitit konn leve san papa, nèg la souvan di timoun lan pa pou li, li te voye deyò. Jeff ki gen 24 lane kounya k ap etidye medsin anndan yon inivèsite nan kapital la, se yon ka pami timoun papa pa okipe, li te aksepte konfye nou kèk detay

Jeff pa konn papa l akoz li pa t vle pran l

Jan nou di l pi wo a, Jeff ke nou chanje bon non l sou demann li gen 24 lane, l ap etidye medsin anndan yon fakilte nan kapital la ke nou pa chwazi site toujou sou demann li.

Jeff vin koumanse aprann li pa gen papa se lè l gen 10 lane paske l te konn wè papa ti zanmi l yo ap vin chache l, li menm li pa t janm konn wè pa l la

“Depi 10 lane m te kòmanse gen lespri, mwen reyalize mwen t ap viv san papa paske nan lekòl kote m te ye a papa lòt timoun, ti zanmi m yo te konn vin chèche yo, mwen menm se te manman m sèlman. Se manman m ki te konn fè tout bagay pou mwen”, eksplike Jeff.

Se 2 lane apre Jeff ta pral oze mande manman l kot papa l epi l te di l papa l la men li deside pa okipe l. Jou sa se te yon moman tris pou Jeff ki te gen 12 zan sèlman k ap kriye ak manman l

“Nan epòk manman m di m sa epi m tonbe kriye, li menm tou dlo koule nan je l . Mwen pa t mande l kijan papa m fè di l mwen pa pitit li ni tou m pa poze l okenn lòt kesyon paske m te enkonsolab nan moman an”.

5 lane a, Jeff vin gen 17 lane, li t ap pare pou rantre nan medsin, se epòk sa manman l te ba l detay poukisa papa l pa okipe l ni vle pran l, men epòk sa Jeff te twouve sa biza nan eksplikasyon manman l ba li yo

“Lè m vin gen 17 lane, mwen pral rantre nan fakilte, m te oblije chita pale ak manman m malgre se te toujou ak dlo nan je. Manman m di m papa m pa t janm konn pwoteje lè l ap rantre nan relasyon avè l, se te toujou voye deyò epi kontinye ankò, se konsa li tonbe ansent yon fwa malgre papa m te voye deyò. M te santi m twouble de sa manman m di a paske nan jèn laj mwen, m te souvan tande depi gason an voye deyò fi a p ap kapab ansent”.

Jeff pa t vle kwè sa manman l di l yo, li fè nou konnen li te panse manman l nan manti ak li. Se lè li sou twazyèm semèn anndan inivèsite a, li pral mande yon pwofesè ki te konn fè biyoloji pou li, epi pwofesè a pral eksplike l sa posib, manman l p ap bay manti. Jeff fè konnen jou sa li te kontan paske vin kwè se pa manti manman l t ap ba l epi tris tou paske papa l pa okouran de fenomèn sa

Jeff ki pa janm gen nouvèl papa l, fè konnen li ta swete apre konfidans li fè medya a pou anpil jèn gason ta konnen menm kan yo voye deyò fi a kapab ansent

“Mwen ta renmen apre temwanyaj mwen pou anpil gason ta konnen menm si yo voye deyò, fi a kapab ansent ak ti rès likid ki rete nan kanal yo”.

Nèg yo ka evite sa

Faïly Anderson Trazil fè konnen gen yon senp bagay yon nèg ki renmen voye deyò ka fè ki se ale pipi a chak fwa li fin voye ki ap pèmèt pipi a tiye ti kras espèm ki rete yo k ap tou vle di pa gen risk sou pwen sa pou fanm lan tonbe ansent. Nan ka kontrè ou pa ta pipi apre chak ke ou riske nan pwoblèm. Mesye jwèt pou nou!

Dekouvri plis:

Plis enfòmasyon sou Salatiel, atis Rutshelle Guillaume feat ak li a

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Monde

Le plus vieux sextoy d’une longueur de 16 cm et en bois qui daterait d’il y a 2000 ans découvert par des archéologues anglais....

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...