Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

PDG “Mache Ti Tony” an reyaji aprè dechoukay ki fèt nan biznis li an

PDG "Mache Ti Tony" an reyaji aprè dechoukay ki fèt nan biznis li an

Anthony Benett anpil moun konnen sou non Ti Tony bay premye reyaksyon l aprè gwo dechoukay ki fèt anndan Mache Ti Tony.

Jodi vandredi 18 jen an, Mache Ti Tony sibi dechoukay aprè nèg ak zam te envesti biznis sa ki se pwopriyete Anthony Benett ki vann anpil pwodui an gwo sitou pwodui alimantè.

Aksyon sa pase nan moman te gen gwo tansyon nan nivo ba Dèlma kote lapolis t ap mennen operasyon anba sa swit ak lanmò yon ajan CIMO 29èm pwomosyon yè jedi a.

Nan kèk videyo ki t ap sikile, montre anpil moun ki envesti espas Mache Ti Tony epi pote ale anpil bagay ki te twouve nan biznis sa ki jwenn vizit ti komèsan ak gwo komèsan ki gen abitid ale achte nan biznis sa ki twouve l tou prè estasyon Gonayiv.

Aprè zak dechoukay sa, Anthony Benett sou kont Twitter li rejayi pou di “Sa pa ka dekouraje n! M ap travay pi rèd”, yon fason pou montre l ap kontinye kreye travay malgre sa k rive a.

Plizyè moun sou rezo a deplore sa k pase a epi siyale Mache Ti Tony se yon nan kote ki vann a yon pri abòdab. Aksyon sa kapab dekouje anpil envestisè ki mete biznis pou kreye travay nan peyi a.

N ap raple w pandan semèn lan nèg ak zam deplwaye sou wout Ayewopò a rantre nan Bermhann Motors epi bay presyon pou tout biznis nan zòn lan fèmen. Sa ki kreye panik sou wout la ak bò kote anplwaye yo.

PDG "Mache Ti Tony" an reyaji aprè dechoukay ki fèt nan biznis li an

Dekouvri plis:

Le rectorat invite les étudiants de l’EDSEG à confirmer leur inscription

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu