Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Peyi pral lòk: Radyo Kiskeya demanti enfòmasyon ki fè kwè se sou antèn li nouvèl sa te pase

Peyi pral lòk: Radyo Kiskeya demanti enfòmasyon ki fè kwè se sou antèn li nouvèl sa te pase
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7
Getting your Trinity Audio player ready...

Peyi pral lòk: Radyo Kiskeya demanti enfòmasyon ki fè kwè se sou antèn li nouvèl sa te pase.

Plizyè sendikalis anonse gwo mouvman leve kanpe pou lendi 25 oktòb k ap vini la akoz rate gaz la ak koze ensekirite a. Rimè t ap sikile se sou radyo Kiskeya nouvèl sa te bay, yon enfòmasyon Direksyon Enfòmasyon Radyo a demanti anndan yon nòt klarifikasyon.

Nan nòt sa, Radyo a fè konnen li te gen difikilte depi yè pou l te kenbe pwogramasyon l akòz pa gen gaz, ki ta vle di sal nouvèl la pa pale ak sendikalis daprè nòt la.

Direktè jeneral BMPAD la ,Fils Aimé Ignace Saint Fleur sou bò pa l fè konnen gen dispozisyon ki pran pou akonpaye chofè yo pou yo kapab distribiye gaz yo nan ponp yo epi l fè konnen li deja rankontre anpil nan aktè yo sou pwodui Petwolye yo ki pa disponib nan ponp yo epi ki te kanpe travay pandan l fè konnen l ap kontinye diskite ak tout aktè yo pou rezoud pwoblèm nan.

Toutfwa, Jacques Anderson Desroches ki se youn nan manb estrikti Fòs Sendikal pou Sove Ayiti atravè yon pòs li fè mande ak Popilasyon an si sa pa deranje l koze gaz k ap monte, kesyon kidnapin, ensekirite jeneralize, moun ki pa ka manje.

Nan sans sa, plizyè gwoup sendika anonse grèv pou lendi epi operasyon fèmen Leta ki vle di lock peyi a pou di yo pa kapab ankò, popilasyon an pa ka sipòte, yon fason pou fè tande vwa yo.

N ap raple w Radyo a demanti mesaj k ap sikile se sou antèn li koze peyi lòk te pale yè vandredi a.

Depi plizyè jou, peyi a ap fè fas ak yon gwo rate gaz ki lakoz anpil biznis pa ka fonksyone, chofè moto ak machin nan gwo difikilte. Sa ki lakoz semèn ki sot pase a anpil mouvman fèt nan plizyè zòn nan kapital la ak nan kèk vil pwovens.

Peyi pral lòk: Radyo Kiskeya demanti enfòmasyon ki fè kwè se sou antèn li nouvèl sa te pase

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

En savoir plus :

Akademi Kreyòl Ayisyen lanse mwa lang ak kilti kreyòl ayisyen

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Nécrologie

Getting your Trinity Audio player ready... La journaliste et icône de la presse haïtienne, Liliane Pierre-Paul est décédée ce lundi 31 juillet. La journaliste...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Selon le Bureau de Monétisation des Programmes d’Aide et de Développement (BMPAD), plus de 340 000 barils de...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... Nord-est : inauguration de deux places publiques et d’un sous-commissariat par le Bureau de Monétisation du Programme d’Aide...

Transport

Getting your Trinity Audio player ready... Plus de 270 000 barils de pétrole arrivés à Port-au-Prince le 18 mai dernier, annonce le BMPAD. Le...