Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Pise rat lakoz yon maladi ki rele “Leptospirose” ap bay pwoblèm nan Nouyòk

Pise rat lakoz yon maladi ki rele "Leptospirose" ap bay pwoblèm nan Nouyòk
Getting your Trinity Audio player ready...

Pise rat lakoz yon epidemi ki rele “Leptospirose” ap bay pwoblèm nan Nouyòk.

Vil Nouyòk ap fè fas ak yon maladi ra ki rele Leptospirose. Se yon viris ki twouve nan pipi rat ki lakoz li. Daprè sit Yahoo.com, 15 ka ak yon moun mouri anrejistre nan vil Nouyòk. 3 nan 15 ka sa yo se moun ki ap dòmi nan lari. 

Soti 2006 pou rive 2020, 57 ka te detekte sou peryòd sa nan Nouyòk, pandan ke pou sèl ane sa yo anrejistre 15 ka ki reprezante plis pase 25% chif 15 dènye ane yo. Sa ki koumanse ap fè moun reflechi sou maladi ra sa.

Maladi sa transmèt de bèt ak moun atravè pipi rat ki enfekte. Yon moun ka enfekte se lè l rantre an kontak ak pipi bèt ki enfekte a atravè manje oubyen dlo.

Maladi sa bèt ki ka transmèt li se bèf, kochon, cheval, chyen ak wonjè yo tankou rat, lè pise yo enfekte pa bakteri a ki vin bay Leptospirose. 

Apre moun lan fin kontamine, sentom yo parèt 2 jou aprè sa. Ou gen lafyèv, tèt fè mal, frison, doulè nan vant, djare. Sentom sa yo konn disparèt aprè kèk jou pou anpil ka, men pou kèk ka li konn pwovoke yon faz ki pi grav kote moun ki kontamine a konn gen pwoblèm ensifizans renal,  epatik epi menm mouri.

Pise rat lakoz yon maladi ki rele "Leptospirose" ap bay pwoblèm nan Nouyòk

Dekouvri plis:

L’épouse du pasteur Ferrer Michel demande la libération de son mari

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Un séisme a secoué durant quelques secondes le centre ville de New York ressenti par des milliers d’américains...

États-Unis

Getting your Trinity Audio player ready... États-Unis : New York déclare l’état d’urgence en raison des inondations. Les autorités de New York ont déclaré...

Migration

Getting your Trinity Audio player ready... Prolongation du Statut de Protection Temporaire (TPS) pour Haïti: le sénateur de l’Etat de New-York Chuck Schumer exprime...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... L’accès aux armes à feu est restreint dans l’État de New York La vague de violences armées qui...