Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Yon nouvo platfòm kominikasyon lanse pou ranfòse relasyon komèsyal ant Ayiti ak Sendomeng

Yon nouvo platfòm kominikasyon lanse pou ranfòse relasyon komèsyal ant Ayiti ak Sendomeng

Nan yon kominike près ki pote dat 10 mas 2021, òganism nasyanal yo an Ayiti ak Repiblik Dominikè enfòme ke yo lanse yon platfòm kominikasyon sofistike pou ranfòse relasyon komèsyal ant 2 peyi vwazen yo.

Platfòm sa ki finanse pa Inyon Ewopeyèn, li la pou l amelyore kolaborasyon ant Biwo Ayisyen Nòmalizasyon (BHN) ak Enstiti Dominiken pou Kalite (INDOCAL), rapòte  nòt pou laprès sa.

Pi lwen nan nòt sa, Deodat Maharaj ki se Direktè egzekitif Caribbean Export souliye objektif program sa ki daprè li se pou rann antrepriz nan 2 peyi yo pi konpetitif sou plan entènasyonal

“Pwogram sa fèt non sèlman pou amelyore komès ant 2 peyi yo, men tou pou kreye ak favorize yon anviwonman pi favorab pou antrepriz an Ayiti kou Repiblik Dominikèn, yon fason pou n rann yo pi konpetitif sou plan entènasyonal”.

Monorde Civil ki se direktè BHN, sou bò pa l fè konnen koperasyon sa gen anpil enpòtans ki ka pèmèt yo fè fas ak obstak teknik ki nan komès la. Daprè sa l kontinye pou l di, se nan sans sa ke BHN ak INDOCAL lanse yo nan inisyativ sa pou kreye epi itilize platfòm pou ranfòse kolaborasyon ak enfrastrikti nasyonal kalite nan 2 peyi yo.

Dekouvri plis:

ECC préoccupé par la Suspension du Programme de Vérification de la Conformité des Marchandises

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le président dominicain, Luis Abinader, annonce son refus de voir des camps de réfugiés s’installer dans son pays et continue à sa politique d’expulsion...

Actualités

Après avoir annoncé le départ “non essentiel” de son personnel, l’ONU propose la création d’un pont aérien humanitaire entre les deux pays Le personnel...

République Dominicaine

Le parti du président Abinader en pole position pour remporter la majorité des municipalités dominicaines et peur conserver la capitale. Le Parti Révolutionnaire Moderne...

Actualités

République dominicaine: l’immigration arrête un footballeur cubain après l’avoir confondu à un immigrant haïtien.   Le footballeur cubain Aricheell Hernández Mora, du Club Atlético...