Connect with us

Hi, what are you looking for?

People

Soti janvye 2008 pou jiyè 2021 plis pase 300 moun mouri nan fè “selfie”

Soti janvye 2008 pou jiyè 2021 plis pase 300 moun mouri nan fè "selfie"
Crédit photo: AFP/ED JONES

Soti janvye 2008 pou jiyè 2021 plis pase 300 moun mouri nan pran foto an “selfie”.

Selon yon etid yon òganizasyon espanyòl ki rele Fondasyon iO reyalize fè konnen gen pou pi piti  379 moun ki mouri nan eseye pran yon foto an “selfie”. Etid sa reyalize sou yon peryòd ki soti janvye 2008 pou bout jiyè 2021. 

Selon menm etid òganizasyon espanyòl sa ki espesyalize etid li yo plis nan koze maladi twopikal ki lye ak vwayaj fè konnen chif yo ogmante pandan 7 dènye mwa nan ane sa kote gen 31 moun ki mouri soti janvye pou jiyè 2021.

Selon detay iO bay sou jan lanmò sa yo fèt, gen 216 ka se yon chit moun yo fè pandan y ap pran “selfie” a, gen 123 ki lye ak aksidan mwayen transpò, 66 nwaye. 24 mouri nan ensidan ki lye ak zam oubyen elektrokisyon, 17 lòt mouri aprè atak bèt sovaj.

Daprè menm etid sa se peyi End ki anrejistre plis ka lanmò avèk yon chif 100 depi 2008. Etazini dezyèm avèk 39 epi Risi twazyèm avèk 33. Se 3 peyi sa yo moun mouri plis nan pran foto an sèlfi. 

N ap note pou ou, 41% viktim yo se moun ki gen pou pi piti 19 lane. 37% se moun ki nan ventèn deja epi 2/3 moun ki viktim yo se gason, selon sa etid sa presize.

Soti janvye 2008 pou jiyè 2021 plis pase 300 moun mouri nan fè "selfie"

Crédit photo: AFP/ED JONES

Dekouvri plis:

Nofraj yon bato nan Marigo: 30 moun sove, 12 moun mouri selon bilan pwovizwa yo

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu