Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Plizyè kote bloke maten an nan kapital ayisyèn lan

Plizyè kote bloke maten an nan kapital ayisyèn lan
Getting your Trinity Audio player ready...

Plizyè kote tankou Dèlma bloke maten an nan kapital ayisyèn lan.

Anpil kote nan kapital la leve bloke maten jedi 21 oktòb la. Kawotchou ap brile, barikad sou wout yo. Rezon an se chofè moto k ap mande otorite yo rezoud pwoblèm rate gaz la.

Repòtè Juno7 konstate sou wout Lali, Dèlma, chofè moto ki an kòlè ap boule Kawotchou akoz gaz yo pa ka jwenn nan ponp. Kèk nan yo kritike konpòtman otorite konsène yo ki pa fè anyen pou rezoud kriz sa.

Rate gaz la lakoz pa gen twòp machin sou wout yo, anpil chofè machin transpò piblik ak moto pa ka fonksyone, pri kous yo ogmante, anpil sitwayen gen difikilte pou regle aktivite yo.

Sitiyasyon sa kapab anpire pi plis akoz Asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye an Ayiti yo ki kanpe travay jodia poutèt koze ensekirite se sa pòt pawòl estrikti sa Jacquelin Dupré te fè konnen ak Juno7 yè mèkredi a nan kad yon entèvyou.

Plizyè kote bloke maten an nan kapital ayisyèn lan

Dekouvri plis:

Haïti: l’essentiel de l’actualité du jeudi 21 octobre 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Kanapevè bloke lendi maten an kote abitan nan zòn lan melanje ak chofè moto ak kamyonèt ap mobilize...