Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Plizyè lidè politik lanse yon operasyon batize “tèt ansanm pou chase Jovenel”

Plizyè lidè politik lanse yon operasyon batize "tèt ansanm pou chase Jovenel"

Plizyè pati ak òganizasyon politik lanse yon operasyon tèt ansanm pou chase Jovenel Moïse sou pouvwa a. Moun ki te reprezante estrikti politik sa yo se Hugues Célestin, Evalière Beauplan, Schiller Louidor ak plizyè lòt te reyini epi bay yon konferans pou laprès, 14 janvye a, nan Piblen, lokal Terrasse Garden.

Nan moso lapawòl li t ap pran, Schiller Louidor reyaji pou l fè konnen pa gen sa pyès pou ta ale negosye ak prezidan Jovenel Moïse pandan l te kontinye pou l di yo ta pito bwè 5 begonn yo tchwe tèt yo

“Jodiya, devan mikwo laprès, M vle klè sou sa. Nou tèt ansanm, tout gwoup k ap goumen, n ap di l e nou p ap pale sa ankò. Nou ta pito mouri, nou ta pito bwè 5 begonn nou touye tèt nou tan pou n ta va nan chita ak Jovenel Moïse. G on sèl bagay, g on sèl kote k ap tann Jovenel Moïse se Penitansye Nasyonal”.

Ansyen depite Hugues Célestin ki te premye pran lapawòl nan kad konferans sa te eksplike rezon ki fè yo lanse inisyativ tèt ansanm pou chase Jovenel Moïse sou pouvwa a paske selon sa l di zansèt yo te fè twòp sakrifis

“Men fanm yo, men gason yo ki di non Jovenel Moïse, bann PHTK bannann lan pa ka ap drivaye peyi a konsa. Yo pa kapab pran peyi a kòmsi s on kote pa gen moun, pa gen moun ki te fè listwa, pa gen moun ki te make tan yo. Zansèt nou yo te fè twòp sakrifis pou nou pa ta swiv yo”.

Evalière Beauplan envite nèg opozan yo mete tèt ansanm pou youn p ap choute sou lòt, pou yo fè tèt kole pou dechouke Jovenel

“An nou youn pa mete trak sou lòt paske 1804 pa t gen trak, se te tèt kole. Nou kwè ke yo gen yon grenn rezilta pou yo ba nou se dekapote Jovenel sou pouvwa a pou pita 7 fevriye”, deklare ansyen senatè a.

Doktè Kelly Sébastien ki te sou tab konferans lan fè konnen wè pa wè manda Jovenel Moïse ap bout 7 fevriye 2021 epi ale nan menm sans ak doktè Schiller pou pa nan negosye ak prezidan an

“Gen 2 bagay. Se pou rekonèt 7 fevriye 2021 manda Jovenel fini. 2e bagay pa gen okenn negosiyasyon posib avèk pouvwa sa”.

Fòk nou souliye gen plizyè figi koni ki te nan konferans lan tankou Doktè Serge Gilles, ansyen senatè Bien-aimé ak plizyè lòt men ki pa t pran lapawòl.

Jodi vandredi 15 fevriye a, yon gwo manifestasyon anonse nan kapital la pa mesye dam opozan yo kote pakou a se soti anba kafou Ayewopò ki batize kafou rezistans, monte Dèlma, vire rantre 32, tonbe Kriswa, desann Lali epi ale bout Channmas.

Dekouvri plis:

Pradel Henriquez a pris part au lancement du festival d’art contemporain : “Haïti, le printemps de l’art”

Plus de contenu

Politique

Boudant l’invitation des émissaires de l’OEA, le Secteur Démocratique et Populaire ne veut négocier que si Me. Mécène Jean-Louis est reconnu comme président de...

Politique

DIRPOD, En Avant, MTVAYITI, ENTENTE, FND et Organisation Tèt Ansanm des structures de l’opposition proposent un départ ordonné du président et l’établissement d’un gouvernement...

Politique

Plusieurs partis politiques de l’opposition annoncent une tournée dans la région des Palmes visant à faire échec au référendum. Port-au-Prince , Haïti .- L’opposition...

Actualités

Opozisyon an bay popilasyon an randevou demen devan anbasad amerikèn pou mèkredi 20 janvye a Komite Mobilizasyon Sitwayèn pou Respè Konstitisyon an, bay yon...