Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kowonaviris: PM a.i a rankontre plizyè patwon ak reprezantan medya an liy

Kowonaviris: PM a.i a rankontre plizyè patwon ak reprezantan medya an liy

Premye Minis a.i a, Doktè Claude Joseph ki te akonpaye ak minis kilti a, Pradel Henriquez epi Frantz Exantus ki se sekretè deta kominikasyon, rankontre plizyè patwon ak reprezantan medya an liy, jodi lendi 31 me a, nan rezidans ofisyèl li.

Kowonaviris: PM a.i a rankontre plizyè patwon ak reprezantan medya an liy

Pandan remonte ka kontaninasyon yo anndan peyi a nan dènye jou sa yo , nan sousi pou sansibilize popilasyon an, Primati Repiblik Dayiti a ki gen nan tèt li Claude Joseph te voye envitasyon bay plizyè medya an liy pou fè yon ti chita pale sou kowonaviris epi tande apwòch kèk reprezantan medya an liy yo .

Nan lapawòl li te pran nan okazyon an, Doktè Claude Joseph fè konnen rankont sa se yon rapwochman gouvènman li nan tèt li a vle genyen ak medya an liy yo sou kanpay sansibilizasyon administrasyon Jovenel Moïse la, ap mennen kont kowonaviris la epi proteje popilasyon an.

Malgre pat gen twòp tan pou diskisyon yo , nou kapab siyale se te okazyon pou plizyè reprezantan medya an liy bay ide yo sou koze kouvre fe a yo estime gouvènman an ta dwe regade epi korije sa ki pou ta korije. Anpil konfrè te ale nan prèske menm sans pou kesyone pasivite gouvènman an nan sansibilizasyon kont maladi a ki pa te menm jan lè premye vag la lane pase.

Minis kilti a ak kominikasyon, Pradel Henriquez ki te prezan sou bò pa l, t ap pran nòt pou pouvwa egzekitif la, epi li te tou pwofite raple jès baryè yo yon fason pou lite kont Kovid 19 la . Tankou lave men nou, mete mask epi respekte distans fizik yo .

Chèf gouvènman an siyale se pa dènye rankont k ap gen pou fèt ak medya an liy yo. Kote objektif la se sansibilize popilasyon an pou limite risk kontaminasyon ka enfeksyon yo nan popilasyon an .

N ap raple w anndan rankont sa te gen anviwon yon ventèn medya ki te reponn ak envitasyon premye minis a.i a Claude Joselph , pami yo Juno7, Vant Bèf Info, Haïti 24, Pap Post, 22 Live (RTVC) Labrève info , pou n site sa yo sèlman.

En savoir plus:

Covid-19 : La Copa América n’aura pas lieu en Argentine mais au Brésil

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

A l’invitation du parti EDE, des personnes ont marché ce dimanche 17 septembre en signe de solidarité aux victimes de la violence des gangs....

Actualités

Les dominicains demandent à Haïti de stopper immédiatement les travaux de canalisation de la rivière Massacre, l’ancien ministre haïtien des affaires étrangères Claude Joseph...

Politique

L’ancien Premier ministre ad intérim Claude Joseph veut renforcer la capacité institutionnelle de son parti politique EDE Une délégation du parti politique Les Engagés...

Politique

En appelant à une intervention militaire étrangère en Haïti, Ariel Henry veut renforcer et consolider son pouvoir, selon Claude Joseph Les Engagés pour le...