Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

PNH la anonse li fasilite pasaj 705 kamyon gaz ki t ap soti Vare

PNH la anonse li fasilite pasaj 705 kamyon gaz ki t ap soti Vare

Polis Nasyonal Dayiti (PNH)anonse li fasilite pasaj 705 kamyon gaz ki t ap soti zòn Vare.

Polis Nasyonal la atravè yon mesaj sou kont Twitter li fè konnen li fasilite pasaj 705 kamyon gaz ki t ap soti zòn Vare pou ale fè livrezon plizyè kote anndan peyi a.

Si n kwè twit enstitisyon polis la, yo te demare ak travay fasilitasyon sa depi vandredi 10 septanm lan ki te bout yè madi a.

Se divès inite anndan lapolis la ki te anchaje sekirize kamyon gaz sa yo pou kapab ale nan destinasyon yo tout anndan peyi a.

Operasyon sa mennen aprè ke plizyè kamyon te rete bloke nan tèminal Vare a akoz zòn anba Dèlma ki pa t fin bon kote kout zam pa t sispann chante ki te mete enkyetid lakay chofè yo.

Sitiyasyon sa te lakoz anpil ponp pa gen gaz, chofè nan gwo difikilte, moun fè long liy ak galon jòn. Pou kounya, Sitiyasyon an koumanse amelyore anba kèk ponp repòtè Juno7 pase.

Pou fini twit li a, lapolis la fè konnen li ap kontinye pote kolaborasyon bay popilasyon an nan objektif pou kontinye sèvi l.

Pwoblèm gaz fè anpil moun plenyen kote yo oblije peye galon an 2 fwa lajan li koute a. Fenomèn pa gen gaz la vin rantre nan koutim nou paske souvan popilasyon an ap fè fas ak li.

PNH la anonse li fasilite pasaj 705 kamyon gaz ki t ap soti Vare

Dekouvri plis:

L’agent douanier Jean Déland a été libéré contre rançon

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu