Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Pote kole nan konstriksyon Bibliyotèk Site Solèy

Nan lide pou yo kapab rasanble lajan pou konstriksyon Konbit Bibliyotèk Site Solèy la, responsab konbit la ap envite nou nan yon kokennchenn aktivite kap fèt jou kap 19 novanm 2017 la, soti 3 zè pou rive 7 tè, nan lokal lise site solèy la.

Anpil atis mobilize pou vin pote sipò pa yo nan konbit sa pandan yo aksepte jwe gratis nan aktivite sila. Nap jwenn BIC, Freedom, Gardy, Kako, Mikaben, Princesse Eud pou’n site sa yo sèlman.

Pri kat la se 50 goud. Daprè youn nan responsab yo ki se Samuel Cadet, yon moun ka achte valè kat li vle pou sipote konbit la. «Yon moun ka chwazi achte kat la epil pa vini li voye yon lòt moun nan plas li, yon lòt ka chwazi achte 10 kat pou tèt li sèlman jis pou l sipote aktivite a, sa ki pi enpòtan an se vin pote patisipasyon pa’w la nan konbit sa a», yon deklarasyon Samuel Cadet, animatè Radyo Boukman.

Ann raple konbit Bibliyotèk site Solèy se Konbit Solèy leve ak Flanm Art Club ki te pran inisyativ sa a nan lide pou mete kanpe yon bibliyotèk nan site solèy. Nan 40 semèn yo resevwa 1 469 135 goud, 5 623 liv pou 3773 donatè.

Yon moun ki bezwen kat ka kontakte responsab yo ki se:
Louino Robillard: 3844 8172
Alashkar Milien: 3793 8377
Smith Petiote: 3622 8628
Samuel Cadet: 4652 9811

Ann kontinye fè konbit!

[views]

Plus de contenu