Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Pou ki rezon tout pati politik sa yo kanpe?

Election / Les réactions continuent d'affluer après l'assassinat du Bâtonnier Monferrier Dorval

Depi apre dekrè Jovenel Moïse la ki nome manb KEP yo epi enstale yo, anpil moun kapab remake plizyè ansyen palmantè getan mete pati politik yo kanpe, genyen pami yo ki getan fè lansman. Yon bagay ki pouse anpil moun reflechi kote chak sitwayen ap chache bay kòmantè yo sou fenomèn sa pou chache rezon kreyasyon pil pati politik sa yo. Se nan sans sa, redaksyon Juno7 te deside rantre an kontak ak yon jèn etidyan ki te pase nan fakilte Leta a k ap etidye kounya an Frans.

Mathé Vladimir Estefano se yon ansyen elèv lise Antenor Firmin. Tout swit apre etid klasik li, li t al IERAH li etidye syans politik. Kounya, li an Frans, l ap fè yon Mastè 2 syans politik nan espesyalite politik piblik ak teritwa nan inivèsite Paris Sorbonne Nord. Nan ti pale nou ak li, li fè nou konnen fenomèn pati politik k ap kreye a pa nouvo, pandan l eksplike rezon ki fè y ap pale de fenomèn sa se paske gen rezo sosyo.

Nou ka ale nan menm ide ak premye pawòl etidyan an di yo. Nan ti vire won nou epi zapping sou rezo a, kòmantè yo plis ale kote palmantè yo ki ap kreye pati politik sa yo. Nou ta ka konprann si se te lòt moun ki pa gen non, te ka pa gen tout pawòl sa yo epi vin mete sou sa rezo sosyo a ki la pou alimante bagay la kote anpil kòmantè moun di se lajan yo ki kòmanse fini, gen lòt ki di se bliye yo kòmanse bliye yo sou echikye politik la ki fè yo ap parèt ak pati politik pou fè wè yo egziste toujou.

Kèk ide ki pa diferan de sa Mathé Vladimir Estefano ta panse sou kreyasyon pil pati politik sa yo.

“Rezon an senp, an Ayiti nou gen yon Leta jwisè ki ranplase yon Leta sèvis, se toujou menm ti gwoup ansyen jwisè oubyen aspiran jwisè k ap òganize yo pou yo kapab repwodui tèt yo nan arèn politik la nan objektif pou yo jwenn mòso gato pa yo sou zye pasif majorite a”.

Nan deklarasyon pi wo yo, etidyan an ta vle montre nou pil pati politik nèg yo se tankou se zèl kat yo, yo gen pou rale lè pouvwa ap gen pou separe gato. Se rezon pi devan nan konvèsasyon l lan li ba n repons lan konsa lè n mande l Èske sa ta vle di nèg yo deside ale nan eleksyon ak Jovenel?

“Kreyasyon pil ak pakèt pati politik sa yo pa fòseman vle di yo pral nan eleksyon ak Jovenel ni li pa di kontrè tou. Istwa resan politik peyi a montre nou ke pati politik an Ayiti yo pa gen pozisyon. Yo toujou aliye yo an fonksyon konjonkti politik la. E se sa k fè ansyen ak nouvo aktè sa yo ame yo ak zouti sa a pou yo ka patisipe nan negosiyasyon politik yo”.

Yon deklarasyon ki montre se pèp la ki toujou nan kras la paske si pati politik te rezoud pwoblèm peyi, ¾ nan pwoblèm Ayiti t ap getan rezoud. Anpil nan lidè pati yo pa konn vrè fonksyon yo. Konbyen pati isit nou konn adrès yo? Nou ka monte sou sitwèb yo al vizite? Pa menm bezwen pale de prezans yo sou rezo sosyo.

Pati yo plis kreye pou enterè gwoup moun. Se toujou menm lidè rat do kale yo ou toujou wè, se pa tout ki fè fòmasyon pou jèn epi ankadre yo pou yo emèje anndan pati a pandan y ap grandi. Anpil nan yo pa gen ni nan vè ni nan dwat, kote dlo a koule pi fre se la y al bwè. Toujou gen divizyon nan mitan yo pou koze enterè pèsonèl ki pa janm enterè Ayiti.

Menm koze konfli pou enterè pèsonèl sa toujou fè pati a kraze oubyen depatcha epi chak moun ale fè ti pati pa l. Pati politik tounen biznis nèg ak fanm isit pou fè bè yo sou do pèp la.

Pou n fini, n ap raple dènye jou sa yo Wilot Joseph kreye Egzanp Nasyonal, Gracia Delva pote AYA pou pèp la ki vle di Ayiti Avan, Jean Renel Senatus vle pote lòd ak pati l la ki rele Lòd Demokratik, Jerry Tardieu pote An Avan, Arodon Bien Aimé vin ak Antant Nasyonal. A ki enterè? Poukisa? Jezi k konnen.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Les prix des produits pétroliers sont revus à la baisse

Plus de contenu

Politique

Haïti: le SDP, branche Nenel Cassy, se réorganise autour d’un nouveau directoire La branche du Secteur Démocratique et Populaire emmenée par l’ancien sénateur Nenel...

Politique

Les États-Unis veulent que les Haïtiens se convergent autour d’un accord politique inclusif sur la transition L’Ambassadeur d’Haïti aux États-Unis d’Amérique Edmond Bocchit a...

Politique

Crise politique : les Etats membres de l’OEA préoccupés par la situation d’Haïti et encouragent la collaboration dans l’enquête sur l’assassinat du président Moïse....

Politique

Le président Jovenel Moïse invite le président du Sénat Joseph Lambert et les membres du bureau à une rencontre au Palais national. Port-au-Prince ,...