Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Pran vapè aprè yon akouchman ka detwi flò vajinal fi a, daprè yon espesyalis

Pran vapè aprè yon akouchman ka detwi flò vajinal fi a, yon espesyalis pou plis detay

Pratik pran vapè lè fanm fin akouche se yon bagay ki egziste depi lontan nan koutim ayisyen an. Pratik sa selon anpil moun se pou pèmèt bouboun fi a sere, pa pran enfeksyon oubyen pa gen move sant.

Faïly Anderson Trazil, yon etidyan nan medsin nan UNIFA, ki espesyalize anpil rechèch li sou medsin prevantif te pale ak nou.

Pou koumanse, Faïly ta vle fè kwè se nan tèt medam yo sa ye koze depi w akouche fòk ou pran vapè pou bouboun lan pa gen move sant, pou moun lan pa santi lèt, sere, elatriye. Pou etidyan an, se yon pratik ijyèn li ye se pa koze vapè ki ka fè w pa gen move bagay sa yo lè w fin akouche

“Pou w pa gen move sant se prensip ijyèn yo pou w respekte. Epi moman sa yo fòk ou trè fokis sou benyen ou, mete dewodoran, toujou santi bon. Pran swen w paske lè sa a w ap gen lèt k ap koule nan tete ou yo paske bebe a pral tete epi si w pa pran swen kò w ou ka vin santi lèt epi menm gen move sant”.

Pi lwen, Faïly Anderson Trazil fè konnen se pa vapè a k ap fè bouboun fi a reprann tay li te genyen an paske selon sa l di bouboun lan deja elastik l ap reprann tay nòmal li poukont li

“Vajen an elastik. Elastisite vajen an ap remete l nan gwosè nòmal li apre kèk tan. Malgre li ka pa vin totalman jan li te ye avan men p ap gen twòp diferans”, selon sa Faïly eksplike.

Risk ki dèyè pratik sa

Moun konn revele yo konn boule lè yo ap pran vapè apre akouchman paske nou konnen se yon dlo ki vrèman cho. Faïly te refere l ak yon jounal nan peyi Kanada ki se “Journal Of Obstetrics and Gynaecology Canada”, pou l di jounal sa revele anpil fi ki pratike vapè a viktim de yon boule nan nivo segon degre sou kòl iteris yo ak mikez vajinal yo. Daprè sa l di, flò vajinal yo ki la pou pwoteje bouboun lan kont mikoz ak lòt enfeksyon detwi pandan pratik sa si gen brile ki fèt sou kòl iteris ak mikez vajinal yo.

Pandan l ajoute pou l di: “sa vle di apre yon fi fin pran vapè, li plis a risk ak enfeksyon vajinal paske li detwi flò vajinal la ki te la pou pwoteje l kont enfeksyon yo”.

Koze pran vapè apre akouchman se pa yon pratik k ap soti nan tèt anpil moun jodi a pou rive demen. Se yon pratik ki rantre nan koutim nou. Gen fi ki konn pati kite peyi a, ki fè pitit nan peyi etranje epi ki rantre Ayiti vin pran vapè oubyen fè voye fèy pou yo pou fè pratik sa. Antouka, an nou fè plis pridans medam nan pratik sa.

Dekouvri plis:

“J’apprends avec Cate”, yon ouvraj pou timoun aprann ak amize yo

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

D’après le Ministère de la Santé Publique et de la Population, 729 cas de dengue ont été enregistrés à Port-au-Prince. Le Ministère de la...

Santé

Programme de dépistage des cancers du sein et du col de l’utérus organisé par le Consulat Général d’Haïti à Santiago. À l’occasion de la...

Santé

Le navire-hôpital de la marine américaine USNS Comfort sera dans la ville de Jérémie du 13 au 15 décembre pour soigner la population. L’Ambassade...

Santé

Haïti et Taiwan signent une convention de partenariat dans le cadre de la lutte contre le choléra. La République d’Haïti, via le ministre de...