Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Prezidan Jovenel Moïse kontinye kore plantè yo nan Latibonit.

Pòtoprens, dimanch 12 dawout 2018- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moise, an prezans minis agrikilti a, agwonòm Joubert C. Angrand, ak plizyè lòt otorite lokal, distribiye yon lo materyèl ki gen ladanl de (2) mwasonè, machin ki sèvi pou koupe, netwaye epi mete diri nan sak poul al seche, bay plantè yo nan blòk pwodiksyon nimewo 6 la, ki nan Cova, nan Vale Latibonit.

Inisyativ saa vize kontinye sipòte jefò kap fèt pou mekanize ak modènize agrikilti a nan lide pou ogmante pwodiksyon nasyonal la, yon fason pou ede popilasyon an goumen pi byen kont grangou ak lavi chè. “Jounen jodia, plantè nan blòk 6 pa nan koupe, ni nan bat diri ala men ankò, yo pral fè plis ekonomi paske yo pap peye byen chè ankò pou travay sa a ki konn menm lakòz yo fè anpil defisi.” Se sa chèf Leta a esplike etan lap kontinye ankouraje plantè yo pou met tèt ansanm pou yo ka benefisye pi plis toujou sipò letaa.

Sou-blòk pwodiksyon Cova a, se rezilta travay sansibilizasyon chèf Leta a pou te fè plantè yo konprann kijan yo ka pi pèfòman lè yo regwoupe yo: ” Nou goumen pou met plantè chita ansanm, jodia gen 1700 moun ki met tèt yo ansanm, yo pa tann moun vin fè zèv pou yo, yo depanse plis pase 43 milyon goud, pou met 500 ekta tè anvalè… yo gen tan komanse jwenn rezilta. nan rekot sa a, yo fè plis pase 4 tòn edmi pa ekta, alòske yo te konn fè menm kantite a sou yon ane pou twa rekòt.”

Ernst Elibrun François, konseye prensipal nan Koperativ pwodiksyon agrikòl Dechapèl (KOPAD), di li wete chapo l devan inisyativ eklere sa a Prezidan Jovenel Moïse pran poul sipòte plantè yo nan vale Latibonit, nan bay materyel ak teknisyen pou travay labouraj, epi nan mete disponib dlo, semans ak angrè, ansanm ak mwasonè kap ede yo rekòlte jaden yo pi byen.

Gras ak lidèchip Prezidan Jovenel Moïse gentan gen douz (12) blòk pwodiksyon ki sou pye nan Vale Latibonit, chak blòk gen ladanl 500 ekta. Travay sansibilizasyon an ap kontinye, e nan lane 2019 gen 18 lòt blòk ki pwal monte sakap fè kantite blòk yo rive a 30. Anpil travay tankou nivèlman tèren yo ak wout agrikòl pwal kontinye fèt pou mete peyizan ki antre nan koperativ agrikòl yo nan pi bon kondisyon toujou pou yo pwodui.

Chanjman an se pote sèvis yo bay popilasyon an nan tout rakwen kote l ye, pou edel patisipe nan jefò kap fèt pou relanse ekonomi an ak pou devlope peyi a. Menm jan ak 70 plantè nan Cova ki mete ansanm pou met anvalè 68 ektatè, Prezidan Jovenel Moïse ap mande tout moun pote kole pou ede Ayiti sòti tout bon vre nan soudevlopman poul monte tout bon vre sou ray chanjman ak modènite.

Plus de contenu

Actualités

Dans le cadre du déploiement de la Caravane du Changement dans le département du Nord, des travaux de bétonnage des rues 26 27 28...

Actualités

C’est un Jovenel Moïse fier, visiblement satisfait, qui a pris la parole ce lundi 30 Avril à la salle de conférence du palais national...

Actualités

Le Président de la République, Son Excellence Monsieur Jovenel Moïse, accompagné du Ministre des Travaux publics, Transports et Communications, Ing. Fritz Caillot, a procédé...