Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pwofesè Nesmy Manigat bay rezon moun ap pati kite peyi a epi pwopoze ki deba ki ta dwe fèt

PME: Nesmy Manigat nommé à la présidence du Comité des Finances et Risques pour 3 ans

Pwofesè Nesmy Manigat bay rezon moun ap pati ale Chili-Brezil-Etazini epi pwopoze deba ki ta dwe genyen.

Dènye jou sa yo, sa ki domine aktyalite a se koze plizyè milye ayisyen ki twouve yo zòn pon Texas la kote y ap tante rantre sou teritwa peyi Etazini. Administrasyon Biden lan koumanse voye anpe ladan yo tounen. Sijè sa ki ap pale nan anpil medya etranje pa t lèse ansyen minis edikasyon an, Nesmy Manigat, endiferan fas ak sa k ap pase a. 

Nan yon mesaj li titre “Sijè Tabou”, pwofesè a koumanse pou l di 70 pou san ayisyen gen mwens ke 35 ane nan yon peyi san kwasans ekonomik ak anplwa epi kote Leta pa gen bon jan gouvènans. 

Pou Nesmy Manigat, rezon li avanse nan koumansman mesaj li a se sa ki ta lakoz konpatriyòt ayisyen ki se jèn chomè ak diplòm ak sa ki san diplòm pran wout peyi Chili, Brezil ak Etazini. Twa peyi ki tounen El Dorado pou konpatriyòt yo.

Espesyalis nan koze edikasyon a avanse pou l di li pa ka ret tann pou mete an aplikasyon premye lwa sou fòmasyon teknik-pwofesyonèl ki te depoze nan Palman Ayisyen an depi 2014 epòk li te nan tèt MENFP. 

Si Nesmy Manigat montre kontantman l sou deba sou bon jan gouvènans lan li di ki koumanse, li swete li pa kanpe epi mande plis sipò kominote inivèsite a pandan l rete kwè sosyete a dwe abòde kòm deba nasyonal 2 lòt sijè li kalifye ki prèske tabou. 

Premye a pou ansyen minis lan se endistri lokal paske mache lokal la prèske fin disparèt nan dènye ane sa yo. Nesmy Manigat raple Endistri Lokal la te kreye anplwa ki disparèt san yo pa ranplase yo. Li pran kòm egzanp move politik fiskal ak dwàn fèmen konpayi “Hampco” pandan nou lage nan enpòte salami.

Nesmy Manigat rale dezyèm pwen pou deba fèt se sou koze “kesyon moun k ap fèt pitit”.  Ansyen wo fonksyonè Leta a raple Ayiti pa pare pou akeyi 2 milyon nouvo ayisyen ki pral fèt pandan deseni sa jiska 2030 si kondisyon tankou bon jan lopital, lekòl k ap bay diplòm pou metye 21èm syèk ak travay pa reyini.

Refleksyon Nesmy Manigat yo se youn pami plizyè refleksyon anpil moun toujou ap depoze nan lide pou chache solisyon. Kilè pwoblèm sa yo ap rezoud? Kilè n ap lanse deba yo? Kote n ap koumanse pou n rive kibò? Se kèk kesyon ki poko janm ka gen repons.

PME: Nesmy Manigat nommé à la présidence du Comité des Finances et Risques pour 3 ans

Dekouvri plis

Rockfeller Vincent et Bedford Claude ont fait l’objet de menaces de mort selon les Jovenelistes

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

La résidence de la mère du ministre Nesmy Manigat incendiée par des individus armés à Bellevue. Contrairement aux informations qui circulent sur les réseaux...

Éducation

Le ministre de l’éducation nationale d’Haïti, Nesmy Manigat, a été reconduit à la tête du Comité des Finances du Partenariat Mondial pour l’Éducation(GPE). “Nous...

Éducation

Après avoir participé à la montée du drapeau, le ministre Nesmy Manigat a distribué des livres aux élèves du lycée de Pétion-ville dans le...

Éducation

“Kopivit L’Action Sociale” salue le travail du ministre Nesmy Manigat et lui a remis 2 plaques « d’honneur et de mérite ». Dans le...