Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

RAPLEH di pa met timoun yo ladan l.

Haïti News - Actualité - Politique - Culture - Sport - Juno7

Se avèk anpil tristès kè sere je m al tombe sou pipiti de (2) “vidéos” kap blayi kò yo toupatou sou rezo sosyo yo. Premye a, se yon “vidéo” kote yon ekip timoun ap repete yon bann ak bakèt koze ki pa kòresponn ak laj yo. Dezièm nan, se yon ti adolesan kap di yon seri de pwopo ki pa danse kole ak sa ti moun aprann sou ban lekòl.

Depi lè sa, se avèk anpil difikilte m rive fèmen popyè m. Se konsa, mwen raple m ke yon jou mwen te ti moun tou, Ke mwen te gen plizyè moun ki tap voye je sou mwen, Korije m lè m fè yon erè oubyen lè m fè sa ki pa bon, kontwole tout sa kap sot nan bouch mwen tou. Jodia, se yon fyete pou mwen retounen ti kras nan sa yo te banm lè m te ti katkat. Menm jan ak anpil nan nou kap li tèks sa, chak jou, mwen bat bravo lakontantman paske moun sa yo te la pou mwen. Jounen jodia, Kisa nap fè pou ti moun sa yo ke nou menm grandèt gen pou pase mayèt lavini peyi a nan men yo? Si n fè konfyans ak sa moun ki gen lekti ak ekriti ki vèse nan domèn ki gen pou awè ak ti moun, nou ka wè aklè kèk rezilta nou ka jwenn nan jou kap vini la yo, si nou pa di non:

1- Ensekirite sosyal, politik ak ekonomik;
2- Mizè ap toujou blayi plis nan zòn defavorize;
3- Move chwa dirijan nan eleksyon;
4- Kraze, brize ak anpil lòt koze nou pa vle site.

Kite m raple n ke èd chak grenn nan nou kap itil peyi a. Ann travay pou jenerasyon pam nou sove lavi djovi yo, lavni peyi a. Ann nou ret konsekan ak tèt nou. Ann nou di non ak tout fòm itilizasyon ti moun nan koze ki pa kòresponn ak laj. Li tap pi bon si nou itilize menm kantite enèji sa pou m mande bon jan lekòl ak espas lwazi pou ti lèzanj yo. Asanm si nou plante kè kontan lap boujonnen lespwa pou tout djovi yo.

Pou m fini, map pwofite pou m di nou nou *RAPLEH* se yon òganizasyon ki gen ladan l jenn fanm ak jenn gason k ap toujou la pou founi je gade sa k ap fèt ki bon ak tout sa ki ka gen move konsekans sou bout tè ke nou renmen anpil la ki se Ayiti.

Eud Raymond Altimé, Coordonnateur Général de RAPLEH
Ancy Reginald Bijou, Comptable

Plus de contenu