Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Referandòm: Nou Pap Konplis mande gouvènman an pran desizyon ki pi saj la

Referandòm: Nou Pap Konplis mande gouvènman an pran desizyon ki pi saj la

Nan yon nòt ki pote siyati Ricardo Fleuridor, Jonathan Renois ak anpil lòt manb, estrikti Nou Pap Konplis pale sou kesyon referandòm pou l mande pouvwa an plas la pran desizyon ki pi saj la ki ta vle di kanpe sou koze sa.

Atravè nòt sa, estrikti sa pwofite okazyon an pou salye kouraj chak grenn moun ki pa sispann goumen pou byennèt ak jistis sosyal blayi nan peyi a.

Pi lwen, Nou Pap Konplis di li konstate anpil vwa nan sosyete sivil la ansanm ak klas politik la mande anilasyon pwosesis referandòm nan li kalifye ki manke enklizif ak transparans. Estrikti a rete kwè pozisyon sosyete sivil la ak klas politik la lojik paske selon sa l di se nan mache, san konpwomi politik pwosesis sa ap fèt.

Se te okazyon tou pou estrikti a raple li te pale ak pwofesè Louis Naud Pierre, yon nan manb komite konsiltatif la, manb NPK yo te montre nesesite ki genyen pou gouvènman an kanpe sou kesyon referandòm sa akòz mank esplikasyon sou metòd ak transparans travay sa ta dwe mande pou fèt san konte lòt pwoblèm ki gen nan demach la, selon sa k ekri nan nòt la.

Fas ak tout sa yo, estrikti a mande pou pouvwa a pran pozisyon sajès la yon fason pou evite peyi a kontinye plonje nan plis kriz toujou pandan l raple nan mizè popilasyon an ye chak jou ki jou lajan pa dwe ap gaspiye nan referandòm pandan sitwayen yo kont li.

Nou Pap Konplis mande ak kominote entènasyonal la pou pran distans ak koze sa epi mande ak popilasyon an pou kale je l nan veye anwo, veye anba pasifikman pou rive fè obstak ak referandòm nan li kalifye twou nan manch.

Referandòm: Nou Pap Konplis mande gouvènman an pran desizyon ki pi saj la

Dekouvri plis:

Matisan: Nèg ak zam tire sou tèt yon gwoup jounalis medya an liy epi kraze telefòn yo

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Rencontre entre la délégation de la CARICOM et des acteurs haïtiens : Nou Pap Konplis réclame une action concrète des pays dits amis d’Haïti...

Actualités

Nou Pap Konplis accorde un délai de trois mois au Haut Conseil de la Transition pour prouver sa capacité à relever les défis de...

Aktyalite AN KREYÒL

Nou Pap Konplis salye travay sètifikasyon CSPJ mennen nan aparèy jistis ayisyen an. Nan yon nòt pou laprès li sòti nan dat 16 janvye...

Politique

“Nou Pap Konplis” presse le Premier Ministre Ariel Henry de rencontrer le secteur privé afin de trouver une formule pour faire baisser les prix...